Medam ayisyèn yo kontinye ap travèse fwontyè a pou al akouche 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
medam ayisyèn yo kontinye ap travèse fwontyè a pou al akouche 

Malgre pwoblèm imigrasyon k ap refoule pa pil ak pa pakèt ayisyen ki sou teritwa dominiken an, fanm ansent nou yo yon lòt bò kontinye ap travèse fwontyè a pou al akouche. 

Lopital jeneral Melenciano ki twouvel nan pwovens fwontalye Jimaní fè poukont li, pandan twa premye semèn mwa novanm lan, 35 akouchman kote 85% nan yo se fanm ansent ki sòti Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Minis sante piblik dominiken an, Daniel Rivera, tout fanm ansent sa yo ki vin akouche nan lopital sa ki lòtbò fwontyè a se ta de fanm ansent ki transfere sòti nan divès sant sante an Ayiti. 

Minis sante dominiken an presize egalman se yon pratik ilegal transfere fanm ansent pou vin akouche nan peyi Repiblik Dominikèn, men pou rezon imanitè, fanm sa yo jwenn swen nan lopital dominiken yo. 

Daniel Rivera fè konnen li gen bon jan prèv sou fanm ansent sa yo lopital an Ayiti ap transfere pou al akouche sou teritwa dominiken an, men pou gade bon jan koperasyon ant de peyi yo ki pataje zile a oblije pran yo an chaj. 

Toutfwa, Minis sante dominiken an souliye yon lòt pwoblèm avèk fanm ansent Ayiti yo kote gen yon ogmantasyon nan kantite fanm k ap mouri nan akouchman yo. Daprè Mesye Rivera, fanm ansent yo an Ayiti pa gen dosye medikal e yo pa swiv doktè pandan gwosès la jeneralman. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.