Medsen yo dekouvri yon premye ka dechiri poumon akoz mastibasyon 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice

Yon jèn gason 20 lane nan peyi la Swis,  déchire poumon l pandan lap bat laponyèt. Se premye fwa nan istwa lamedsin yon ka konsa anrejistre. 

Daprè sa magazin espesyalize Radiology Case Reports rapòte, jèn gason sa vini nan ijans nan lopital Kantonsspital Winterthur an Swis, kote li te gen anpil difikilte pou l respire epi anpil doulè nan kaj toraksik li. Li esplike Doktè yo li kòmanse santi l konsa pandan li tap bat laponyèt. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè kèk analiz, medsen yo rive dyagnostike sou jènnonm nan yon pneumomédiastin britsoukou (yon ka sou 10 500 à 30 000 abitan) Sentòm sa yo rive pwodwi, lè presyon nan kaviye toraksik la ogmante. Li pwovoke yon dechiri nan kèk nan manbrann nan poumon yo ki pèmèt lè chape rive nan medyasten an, ki se espas ki nan mitan 2 poumon yo. 

 Sa vinn rann kè a bat pi vit britsoukou epi poumon yo pa rive reyaji a tan epi manbrann yo chire. Nan ka Swis sa, ta sanble se sansasyon an ki te twò fò pou kè li ak poumon li yo. Medsen yo anrejistre plizyè ka moun ki soufri pneumomédiastin aprè yon rapò seksyèl, oubyen apre yo finn vomi anpil, men yo pat janm jwenn ka sa pou mastibasyon. 

Medsen yo fè konnen tou, majorite ka pneumomédiastin britsoukou yo souvan disparèt poukont yo épi kèk pasyan konn pa menm santi oubyen rann yo kont de dechiri a. Yo konn sèlman santi yon ti jèn pandan yon moman avan doulè a ale poukont li. 

Malgré Premye dekouvèt sa, doktè yo rete kwè gen lòt faktè ki petèt lakoz jèn gason sa viktim pneumomédiastin an. Li pase yon semenn lopital la kote li tap pran swen. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.