Premye Minis Ariel Henry pwomèt l ap mete peyi a sou mòd elektoral anvan fen ane a 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Ajisteman pri gaz la : Pati politik Boukliye di Ariel Henry montre enkapasite li pou li rezoud kriz ki nan peyi a 

Nan premye anivèsè Akò 11  septanm pou Gouvènans Pasifik ak Efikas nan Peryòd Pwovizwa ki te siyen ant Premye Minis Ariel Henry ak pati politik yo, gwoup sosyete sivil òganize yo ak òganizasyon de baz yo, Premye minis la te pwofite bay yon diskou. 

Nan moman diskou bay nasyon an, newochirijyen an  te revize etap yo te pran pou eseye pote lòt gwoup sou tab negosyasyon an, epi fè anons konsènan eleksyon  nan peyi a, lokatè Primati a te mete aksan sou tranzisyon demokratik la, epi li fè konnen li pa gen entansyon kenbe pouvwa a endefiniman.   

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Avan fen ane sa a nou dwe mete peyi a nan mòd elektoral epi pèmèt tout moun ki vle pran direksyon zafè peyi nou an patisipe nan yon konpetisyon an sante ak demokratik » , deklare doktè Ariel Henry ayè 11 septanm nan, nan yon diskou bay nasyon an, avan li kontinye pou li di  “Mwen repete pou tout moun isit la ak lòt kote ki  di mwen gen entansyon kenbe pouvwa a, sa a se fo epi yo konnen li trè byen ». 

Yon lòt bò, Premye minis Henry fè konnen si se pat gang k ap simen laterè, ak difikilte pou bay lapolis nasyonal ekipman ak materyèl yo bezwen pou yo aji byen epi retabli lapè, li ta p deja lanse konsiltasyon yo pou fè chanjman ki nesesè nan konstitisyon an epi fè aranjman pou òganizasyon eleksyon yo. 

Mete sou sa, Ariel Henry, di tan kote yo te ka atake pouvwa epi enpoze volonte  yo  sou pèp ayisyen an pa fòs la,  pa la ankò, li di tou  sou baz chwa demokrasi pèp la te fè depi 1987,  moun ki pè eleksyon yo dwe konnen yo pa gen okenn chans pou yo reyalize lidèchip peyi nou an. 

Se sak fè, Premye minis la mande tout moun ki vle jwe yon wòl politik pou yo prepare pou yo chèche konsekrasyon popilè nan bwat vòt yo epi li fè konnen tou li rete ouvè pou li diskite ak tout Demokrat yo sou fason pou mete kanpe estrikti elektoral kredib, san patipri ak transparan nan peyi a avan fen ane 2022 a.
 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.