Pa gen okenn komès ze sou fwontyè Dajabón ak Ayiti a 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pa gen okenn komès ze sou fwontyè dajabón ak ayiti a 

Depi ayè lendi 9 janvye a, pa t gen yon grenn ze ki t ap vann nan mache Dajabón ak Ayiti a ki sou fwontyè a, alòske echanj komèsyal yo t ap kontinye kè pòpòz. Divès echanj ki fèt 2 fwa pa semèn 

Aprè anons sispansyon komès ze a nan direksyon teritwa ayisyen an gouvènman dominiken an te pran dènyèman, mezi a sanble ofisyèlman pran. Pa gen pyès ekspòtasyon ze k ap fèt pandan yon peryòd 15 jou. Mezi a respekte a 100%, daprè medya dominiken yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou kounya, zòn kote komèsan dominiken yo te konn etale ze yo pou vann nan blanch, se yon pakèt moto 3 wou ki la pou transpòte lòt machandiz. 

Vandredi maten pase, alòske ministè dominiken Agrikilti a ak Ladwann peyi a te fin anonse adopsyon mezi a, men ki patko rantre an vigè, Ayisyen yo te vin achte ze pa pakèt alòske vandè yo nan pwovens Espaillat, nan komin Moca, te deja kòmanse ap plenyen. 

N ap raple, apenn ekzekitif dominiken an te pran desizyon pou sispann ekspòte ze nan peyi d Ayiti pandan 15 jou, plizyè pwodiktè pwodwi sila te pran mikwo laprès pou denonse mezi a epi mande prezidan Luis Abinader revoke l prese prese. 

Manuel Escaño, ki reprezante pwodiktè ki òganize yo anba Asosyasyon nasyonal pwodiktè ze yo (Asohuevos) te mande yon “retrè imedya” desizyon sila k ap dire 15 jou swit ak demand Ministè Agrikilti a ak Direksyon jeneral Dwàn yo.  

« Nou pwodwi plis pase 8 milyon ze pa jou, ladan yo gen 20% ki dwe al vann sou mache ayisyen an, e sa ap fèt pandan plizyè dizèn lane. Mezi san reflechi sa, ki pa jis, otorite yo pran, li frape sektè a pou mete l an danje e li kapab menm disparèt », se deklarasyon pwodiktè a. 

Sonje byen, 90% ze ki sou tab yo an Ayiti se Repiblik dominikèn yo sòti, swa anviwon 40 milyon ze pa mwa, daprè Asosyasyon Dominiken Avikilti, an 2022. 

N ap raple tou, Ayiti se pi gwo enpòtatè farin ble ak meslin (melanj sereyal) ki soti nan Repiblik Dominikèn, sa ki koute 141 milyon dola ameriken nan senk dènye ane sa yo, daprè estatistik Sant Ekspòtasyon ak Envestisman Repiblik Dominikèn (ProDominicana). 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.