Taliban yo entèdi fi al nan inivèsite kounya  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
taliban yo entèdi fi al nan inivèsite kounya  

Taliban yo, ki se nouvo dirijan Afganistan, pran desizyon pou anonse 20 Desanm 2022 a inivèsite yo ki nan peyi a pa gendwa resevwa pyès fi ankò. Pou kounya, pyès fanm pa gendwa rantre al aprann anndan yon inivèsite afgan. 

« Nou tout enfòme pou n aplike lòd ki mansyone yo sispann edikasyon fi yo jiskaske nou bay lòd la ankò », se sa Minis Edikasyon siperyè a, Neda Mohammad Nadeem, pibliye nan yon lèt. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pòtpawòl ministè a, Ziaullah Hashimi, ki pibliye lèt la sou Twitter, te konfime tou lòd pou fèmen inivèsite yo pou tifi yo pou yon peryòd endefini. Yo poko bay okenn eksplikasyon sou desizyon sa a. 

Deja oparavan, otorite taliban yo te pran desizyon, depi aprè yo te fin pran pouvwa 14 Dawout 2021 an, pou te entèdi fi yo resevwa ansèyman segondè nan peyi a, daprè yo menm se youn nan fondman islamis yo. Pou yon fi te resevwa pen lenstriksyon fòk se yon fanm parèy li ki pwofesè l oubyen yon gason men ki ti granmoun.  

Nouvo mezi Taliban yo enpoze ak fanm yo vin redwi libète yo plis toujou, tout sa malgre divès kondanasyon entènasyonal la fè. Anpil jèn etidyan deja kòmanse plenyen sou sa. 

Taliban yo chwazi fèmen inivèsite yo pou yon dire  ki pa defini, nan moman medam yo, piti kou gran, te fin pase ekzamen pou rantre nan inivèsite yo ki sou teritwa a.  

N ap raple, lè Taliban yo te reprann kontwòl pouvwa mwa Dawout 2021 pase, yo te fòse inivèsite yo mete sou pye plizyè nouvo règ fonksyonnman, ladan yo separe fi ak gason pandan yo gen kou. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.