Minis jistis la kondane atak nèg ak zam fè sou jounalis Roberson Alphonse 

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
minis jistis la kondane atak nèg ak zam fè sou jounalis roberson alphonse 

Yon jou aprè nèg ak zam te tante retire lavi jounalis Magik 9 ak Le Nouvelliste la Roberson Alphonse, Minis Bertho Dorcé eksprime l sou Twitter pou kondane ak tout fòs li atak sa ki ap sal pi plis toujou imaj peyi a devan je lòt nasyon yo. 

Minis jistis ak sekirite piblik la Bertho Dorcé fè konnen, ayè mekrèdi a, li choke anpil aprè atak bandi ak zam moun pa rive idanyifye fè sou jounalis Roberson Alphonse nan Dèlma 40 B, pandan li te nan wout pou ale nan travay li byen bonè madi 25 oktòb la. 

Jounalis Roberson Alphonse te nan wout pou ale nan Radio Magik 9 nan moman endividi moun pa rive idantifye te pran l pou sib epi ouvri kout bal sou machin li t ap kondi a. Prezantè emisyon nouvèl Pannel Magik la twouve l sou kabann lopital ap resevwa swen ka li nesesite, daprè kèk nan kolaboratè li yo. 

Minis Bertho Dorcé, nan piblikasyon an seri li fè nan sikonstans sa, di li pote tout solidarite l, ni ministè a, ak fanmi jounalis la, kòlèg travay li yo, fanmi ak zanmi Alphonse, san bliye oditè li yo. 

Pandan menm okazyon sa, chèf MJSP a pwofite voye senpati l bay fanmi, zanmi ak tout pwòch jounalis Garry Tess ki atriste aprè disparisyon brital jounalis la yo ta pral jwenn kadav li jounen lendi 24 oktòb 2022 a. 

Minis Dorcé raple ak tout moun k ap simen dèy nan fanmi yo an Ayiti ansanm ak sila yo k ap pwovoke kawo yo nan ankouraje jèn yo fè vyolans pandan se yo ki ta dwe ap gide jèn sa yo, gen enterè pou pa janm bliye lajistis pa p janm fè defèt. 

Facebook Comments

Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.