Ministè Afè etranjè Repiblik dominikèn bay nouvo kondisyon pou yon moun jwenn viza 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ministè afè etranjè repiblik dominikèn bay nouvo kondisyon pou yon moun jwenn viza 

Swit ak divès pwoblèm Repiblik dominikèn ap konfwonte nan zafè migrasyon ilegal sou teritwa li a, ki enplike majoritèman Ayisyen, Ministè Afè etranjè peyi a (MIREX) enfòme tout moun ki enterese yo nouvo kondisyon ki tabli pou jwenn aksè ak yon viza dominiken. 

Minis dominiken Afè etranjè Carlos Morales Troncoso fè konnen pou yon moun jwenn aksè ak dokiman sila: li sipoze ranpli yon fòmilè viza, li sipoze prezante foto idantite ak fotokopi kat idantite l, li dwe genyen yon paspò ki valid, li dwe prezante yon sètifika absans, yon kazye jidisyè, yon kopi lizib rezèvasyon otèl, dokiman “solvabilite” ekonomik ak yon sètifika travay. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Divès mezi sila yo adopte nan kad lit gouvènman dominiken an ap mennen kont migrasyon ilegal sou teritwa li a, ki enplike majoritèman Ayisyen k ap sove kite peyi yo pou move kondisyon vi. 

Si MIREX bay nouvo kondisyon sila yo pou evite moun rantre an Repiblik dominikèn nenpòt kijan, daprè sa Lavwadlamerik rapòte, n ap raple jiskaprezan genyen yon eskandal pa bò isit an Ayiti nan zafè pri viza dominiken an. 

Wi, zafè kondisyon pou yon moun jwenn viza dominiken an Ayiti se yon veritab tèt chaje. Pyès konsila pa respekte pri viza ministè dominiken Afè etranjè a (MIREX) fikse yo, ki se ant 40 ak 60 dola selon tip la, daprè rezolisyon 2-07 la. 

Mete sou sa, nan enfòmasyon menm enstans sila bay, aprè yon konsiltasyon ki fèt pou rapò sa, anketè yo jwenn viza yo koute 70, 80, 85 ak 90, daprè kategori a tou. Alòske konsila dominiken ki an Ayiti yo ak ajans ki sou rezo sosyal yo afiche divès pri ki varye ant 175 dola ameriken pou timoun ak 225 dola ameriken pou granmoun. Konsa genyen moun ki peye yo pi chè. 

Jounal dominiken Listin Diario revele anplis ajans vwayaj yo ki miltipliye pandan dènye ane sa yo, sitou sou mache nwa – tout sa malgre Repiblik dominikèn te fèmen pòt li yo nan peyi d Ayiti – pri viza yo pa sispann ogmante. An 2021 li te nan 400 dola ameriken, jodia li nan anviwon 600 dola ameriken. 

Malgre pwosesis pou jwenn dokiman sila koute yon pakèt kòb, moun ki fè demann lan gen anpil chans pou li pèdi lajan an akòz rezo kontrefè ki gen nan peyi a, mete sou kantite koripsyon ki te deja genyen nan konsila dominiken yo an Ayiti yo. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.