Moun Jakmèl pran lari pou mande leta kreye bon jan kondisyon pou lekòl louvri 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
moun jakmèl pran lari pou mande leta kreye bon jan kondisyon pou lekòl louvri 

Aprè 2 mwa lekòl paka louvri pa bò isit an Ayiti, plizyè sektè nan vil Jakmèl mete tèt yo ansanm ayè lendi 7 novanm lan pou mande gouvènman Ariel Henry an pran responsablite l pou pèmèt timoun yo rantre nan klas avan ane 2022 a fini. 

Plizyè direktè lekòl, pwofesè, paran ak tout pitit yo, pami kèk lòt sipòte, pa mete dlo nan bouch pou kritike pouvwa anplas la ak yon pati nan opozisyon an sou pozisyon yo pran pou fèmen je yo sou ane akademik 2022-2023 ki mal derape epi ki san lè gaspiye. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pwotestatè yo pa t kite dèyè, nan deklarasyon yo, minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la (MENFP), Nesmy Manigat. Aprè titilè MENFP a te fin bay paran yo lespwa lekòl la t ap louvri “ti pa ti pa”, anyen pa janm fèt, timoun yo toujou rete chita lakay ap tann sitiyasyon an amelyore. 

Jounen manifestasyon sila se te okazyon tou pou plizyè sektè te mande gouvènman Tèt Kale a pou pran bon jan dispozisyon pou lavi chè a bese epi pou gen gaz nan ponp yo jan sa te konn fèt avan, epi pou lapolis asire sekirite popilasyon an nan Jakmel ak nan rès peyi a. 

N ap raple, ouvèti ane lekòl la sou twazyèm echèk li ane sa a. Aprè 5 Septanm ak 3 Oktòb pase, se tou pa mwa Novanm lan pou pran yon lòt desepsyon. 

Timoun yo afiche anpil volonte pou yo retounen pran bon jan pen lenstriksyon sou ban lekòl yo, men Leta ayisyen genyen lòt priyorite pou kounya tankou dyalòg, akò k ap siyen ki pa janm abouti, ak kiyès k ap vin dirijan peyi a nan tan k ap vin la yo, alòske pèp la nan grangou, lamizè, vin mete sou sa pitit li paka ale lekòl pou aprann. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.