Move nouvèl pou Neymar ki pral rate tout rès sezon an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
move nouvèl pou neymar ki pral rate tout rès sezon an

Atakan brezilyen an ki te blese 19 fevriye pase an nan match Paris Saint-Germain fas ekip Lille lan nan Ligue 1 an, pral rate tout rès sezon an daprè yon kominike klèb parizyen an mete deyò jodi lendi an.

Istwa yo kontinye ap repete avèk Neymar nan PSG, ki pral gen pou pase ant 3 a 4 mwa deyò tèren, aprè chòk sa li te pran nan cheviy dwat li mwa fevriye ki sot pase an pandan viktwa (4-3) parizyen yo fas Lille nan 24èm jounen Ligue 1 an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kominike sa ki anonse dire absans atakan brezilyen an, Paris Saint-Germain fè konnen Neymar pral gen pou sibi yon entèvansyon chirijikal nan cheviy dwat li pou evite tout risk pou li ta retounen blese pi grav toujou.

Depi rive li nan klèb parizyen an, aprè depa li nan FC Barcelone nan lane 2017, Neymar pa sispann blese pandan pratikman chak sezon yo kote li te menm manke rate dènye mondyal la akoz menm blese sa nan cheviy dwat li an.

Atakan brezilyen an konnen yon 17èm blese depi rive li nan ekip Paris Saint-Germain an, kote jeneralman yo rive nan moman klèb parizyen an angaje nan faz eliminasyon dirèk Lig dè Chanpyon yo.

Sou rezo sosyal yo, Neymar ki san dout pa p gen chans rejwe pou rès sezon an avèk parizyen yo, eksprime l atravè kont Instagram li, aprè anons nouvèl sa pou fè konnen l ap tounen pi fò, ki kapab lòt sezon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.