» Premye fwa peyi a rive nan yon sitiyasyon pouri konsa », daprè kek sitwayen

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
premye fwa peyi a rive nan yon sitiyasyon pouri konsa, daprè kek sitwayen

Depi kèk tan, zak kidnapin ap miltipliye nan peyi a, popilasyon sivil la kontinye ap tonbe anba bal bandi ak zam, plizyè kote nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, anba kontwòl bandi. Lagè gang ak zam pou kontwòle teritwa a ak asenisman zòn ki soufri vyolans gang te lakòz yon vag deplasman fòse, mete sou sa lavi chè a ap vale teren, sa ki vin fè anpil nan popilasyon an ap soufri ak yon gwo grangou melanje ak maladi kolera ki kontinye ap touye popilasyon an.

Semèn ki sot pase a, nan zòn Bèlè, konfli ant gwoup gang kriminèl « G-9 an fanmi » ak lòt gwoup rebèl yo te lakòz plizyè lanmò nan popilasyon sivil Bèlè a, daprè enfòmasyon Direktè egzekitif RNDDH la bay. Vrèman vre, gwoup gang Bèlè ak bandi ki nan kowalisyon kriminèl « G-9 an fanmi » kontinye ap fè lagè san kanpe, yon lagè san pitye ki gentan lakòz plizyè moun mouri, kay boule ak pwopriyete detwi nan zòn ki anba kontwòl advèsè G-9 yo daprè sa kèk rapò fè konnen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Popilasyon an bò kote pa l, ap plenyen paske Gouvènman ki la ki gen lokatè Primati a, Ariel Henry nan tèt li a, rete nan mòd espektatè, pa gen okenn efò yo fè pou eseye amelyore sitiyasyon konplike sa popilasyon Ayisyen an ap viv la, yon sitiyasyon daprè kek sitwayen, yo pa t janm konnen anvan sa.

 » Mwen pral gen 87 lane sou tèt mwen, depi m konnen mwen fèt se Premye fwa peyi a rive nan yon sitiyasyon pouri konsa », te fè konnen yon sitwayen nan yon ti bat bouch nan mikwo NetAlKole Média, daprè sitwayen sa, pa gen okenn reparasyon pou peyi a anko.

 » Lè m tap leve jèn timoun, depi yon siflè soufle, fòk chèf seksyon an konnen poukisa, si sa ta manke fèt nan yon zòn epi pou yo pa jwenn moun nan, tout moun nan zòn nan ap pran kòd. Men jounen jodi a bal ap pete tout kote, gang ak zam anpeche moun viv alèz, pou yo kapab chape anba kòlè mèt peyi sa yo, yo oblije kite kay yo, san yo pa konnen ki kote pou yo pran refij », te deplore yon granmoun 86 lane, tout pandan li kontinye pou li di  » bagay sa yo fè m mal, lè m ap gade jan peyi a pouri. Ayiti n ap gade la pat konsa, Ayiti mwen te leve a pa t pouri konsa ».

Yon entèvansyon militè ki pa janm ka abouti

Ayiti gen plizyè ane nan kriz, yon sitiyasyon ki vin pi konplike depi aprè asasina Prezidan Jovenel Moïse an Jiyè 2021 pa kèk mèsenè.

Gouvènman Premye Minis Ariel Henry a te mande plizyè fwa pou yo voye yon fòs militè entènasyonal nan peyi a, depi oktòb ane ki sot pase a, nan lide pou yo te kapab fè fas ak gang ak zam yo ki ap simaye laterè nan peyi a.

Men sepandan, anyen poko janm abouti, okenn nasyon pa deside voye yon entèvansyon nan peyi a, malgre Sekretè jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterrres te fè konnen, se sèl yon entèvansyon militè ki ap ede Ayiti fè fas ak kriz sa a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon vyolans san fen

Zak Asasinay, kidnapin ak deplasman yo ap monte nan peyi a, ki ap sibi pi move ijans imanitè ak dwa moun depi plizyè dizèn ane. Nan yon rapò ONUDC ki te pibliye vandredi pase a, òganizasyon Onizyèn nan te fè konnen, omisid yo te double soti nan 2019 a 2,183 ane pase a, pandan zak kidnapin yo te monte soti nan 78 nan 2019 pou rive prèske 1,400 nan 2022 a.

Mete sou sa, vyolans gwoup gang ak zam yo agrave sitiyasyon epidemi kolera a, sa ki vin ogmante ensekirite alimantè ak lakòz deplasman plizyè milye moun nan peyi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.