MSPP prezante bilan ka kolera ki anrejistre ant 1ye ak 4 oktòb nan peyi a

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
mspp prezante bilan ka kolera ki anrejistre ant 1ye ak 4 oktòb nan peyi a

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (Mspp) nan yon rapò li pibliye sou paj Facebook li prezante bilan ka kolera yo anrejistre soti premye pou rive 4 oktòb 2022 a. Daprè otorite sanitè yo, yo konfime senk (5) ka epi yo anrejistre yon sèl desè. 

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an fè konnen yo te anrejistre  52 ka sispèk nan peyi a : 

- Advertisement -
Ad imageAd image

– Yon ka te anrejistre 29 septanm 2022 

– 3 ka te 30 septanm 2022 

– 5 ka te enrejistre 1ye oktòb  2022 

-22 ka te enrejistre 2 oktòb 2022 

– 17 ka te anrejistre  3 oktòb 2022 ak madi 4 ki sot pase a. 

Nan rapò sa MSPP kontinye pou li di Minisipalite Site  Solèy anrejistre 35 ka sispèk, Pòtoprens 11, Pétion-ville, Dèlmas ak Minalè gen respektivman 3 ak yon ka sispèk. 

Daprè presizyon otorite sante yo pote, yo anrejistre 5 ka konfime tou, 41 ka sispèk yo entène lopital. Epi yo  anrejistre yon sèl lanmò enstitisyonèl. 

Nan rapò  li a, MSPP te  tou pwofite bay kèk definisyon plizyè tèm yo itilize pou maladi a.  Ministè a te defini ka sispèk, ka pwobab, ka konfime, ka eskli, ka entène lopital, lanmò enstitisyonèl ak lanmò nan kominote a. 

Yon lò bò, Otorite sanitè yo kontinye ap mande moun yo pou yo pwoteje tèt yo kont maladi a lave men yo ak bwè dlo pwòp. 

Nap raple, nan lane 2010, aprè tranblemanntè 10 janvye 2010 la, maladi kolera te anvayi peyi a epi te lakòz plis pase 10 000 moun mouri. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.