NETALKOLE

« N ap Mache Pou Lavi » mande aktè politik yo pou yo bay enterè popilasyon an priyorite 

« N ap Mache Pou Lavi” nan yon nòt li pibliye nan dat 10 desanm 2022 a, eksprime gwo enkyetid li  konsènan deteryorasyon klima sekirite a ak kondisyon sosyo-ekonomik peyi a ki trakase akòz vyolans gang yo. 

Se sak fè Estrikti politik sa a plede an favè yon medyatè nasyonal ak sipò kominote entènasyonal la nan lide pou rezoud kriz politik sa nan peyi a. 

Estrikti politik la di se ak anpil kè rache li ap gade jan popilasyon ayisyen an, sitou moun ki vilnerab yo, kontinye sibi laterè gang k ap touye yo, kidnape yo epi vyole fanm ak tifi gwo lajounen. 

« Sitiyasyon sa a lakòz ogmantasyon  epidemi kolera a, lavi chè  ak bloke lekòl nan zòn defavorize sa yo : Site Solèy, Matisan, Kwadèboukè, Anba Lavil ak anba Dèlma », te eksplike estrikti politik la nan nòt li a ki gen siyati Reyalizatè Arnold Antonin ak Pwofesè Georges Wilbert Franck. 

Yon lòt bò, Estrikti sa a deplore lefètke reyalite sa a pa sanble touche aktè politik yo, kote kèk ladan yo ta kontante goumen pou pran pouvwa a. 

Sou baz obsèvasyon sa a, « N ap Mache Pou Lavi » defann aparisyon yon medyatè nasyonal ak  sipò koperasyon entènasyonal la pou rezoud kriz politik la, tout pandan y ap mande aktè politik yo pou yo bay enterè popilasyon an  ki ap soufri a priyorite. 

Anplis de sa, « N ap Mache Pou Lavi » plede pou yon asistans teknik ak lojistik entènasyonal rapid pou PNH la nan lide pou retabli sekirite ak ankouraje mouvman moun ak machandiz nan peyi a. 

 

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Articles Similaires

1 de 1 075