Yon total 160 bandi deja bwè dlo bouch yo nan mwens pase yon mwa pandan gwo mouvman popilè kont gang ki rele « bwa kale » a, daprè yon rapò responsab Sant pou analiz ak rechèch sou dwa moun yo (CARDH) kominike pandan wikenn lan.
Sòti 24 avril pou rive 24 me 2023, pou pi piti 160 bandi pèdi lavi yo anba raj mouvman pèp la, « Bwa Kale ». Bilan pasyèl sa a responsab yo nan CARDH pibliye a montre tou yon gwo bese nan ka kidnapin yo andedan peyi an depi lansman mouvman sila a. Se te gras ak popilasyon an ki te mete prensip sou plizyè bandi ki t ap eseye tabli valiz ensekirite yo nan zòn Tijo, yon distri ki sitiye l nan komin Pòtoprens. Manm popilasyon an te lanse mouvman sa a nan dat 24 avril 2023, anba non ki vin plis popilè a, « Bwa kale ».
Pou pi piti, kadav 14 jèn gason te pran filme epi pataje sou rezo sosyal yo. Popilasyon an te bat epi boule yo menmjan yo konn abitye fè l nan baz gang yo lè yo kidnape yon manm nan popilasyon an.
Sa vle di, nan espas yon mwa, sòti 24 avril pou rive 24 me 2023, mouvman sa a deja retire lavi 160 prezime bandi, dapre yon rapò ankèt Sant pou analiz ak rechèch sou dwa moun yo (CARDH) pibliye.
Daprè estrikti defans dwa moun sa a, pami 160 moun ki mouri epi boule yo, genyen 137, oswa 83,75%, ki anrejistre nan depatman Lwès la an Ayiti.
Toujou daprè CARDH, depatman Sant ak Latibonit, bò kote pa yo, konte yo chak 5 ka sou 30 premye jou mouvman an. Òganizasyon dwa moun lan kontinye pou di, lide inisyativ sa sitwayen yo lanse a lakoz yon bese konsiderab nan ka asasina ak vyòl pandan peryòd sa a.
Facebook Comments