Nan okazyon wikenn fèt manman yo, Dream Expo kase randevou 

Netalkole Media
ParNetalkole Media

Dream Expo, yon fwa ki ap òganize pou fè pwomosyon lakilti, sitou sa ki gen pou wè ak domèn atizana, gastronomi elatriye. Fwa sa ap fèt nan jounen kap samdi 28 ak dimanch 29 me 2022, nan lokal I Clean Haiti, nan Delmas 60, nan Musseau. Nan yon batbouch redaksyon an te genyen ak Revital Lynch ki la pou jere koze kominikasyon nan pwojè a te bay plis detay sou evènman sa, pandan li envite moun ki vle vin enskri pou prezante zèv yo pou yo fè sa san pran tan.  

Nan okazyon wikenn fèt manman yo, Dream Expo kase randevou

“Se plis pase 7 lane, pwojè Dream Expo a genyen depi l te dwe reyalize jan enkip Maktub la ak Yvy Best Printing swete fè l ane sa. Avèk anpil inovasyon, plis eksperyans, yon nouvo ekip lanse ak pwojè a, yo prevwa reyalize l nan jou k ap 28 ak 29 me k ap vini la. Devouman yo pou reyalize pwojè sa se pou mete yon zouti kòm referans pou sosyete nou an”, se sa Lynch, responsab kominikasyon pwojè Dream Expo a ta lese konprann. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pi lwen, responsab la pwomèt 2 bèl jounen detant kote moun pral divèti yo, li ta menm eksplike fwa sa dwe gen anpil diferans ak lòt yo, li pale de fè bagay yo yon lòt fason. Deja li fè konnen fwa sa fèt plis pou 2 rezon, premye an se ede jèn kreyatè yo fè pwomosyon pwodui yo, lòt rezon an se pou remonte nan tan ede moun yo refè konesans ak koutim yo, tradisyon yo sosyete a prèske fin mete nan yon kwen. 

Nan okazyon dimanch 29, k ap make fèt tout manman, mesye ak medam Dream Expo yo fè konnen ap gen yon tiraj k ap fèt pou remèt yon manman ak tout pitit li yon prim. “Tout pandan dewoulman fwa sa, ap gen yon stand pou moun ki vle fè kado pèsonalize, tankou mayo, tas, foto elatriye… Nan menm stand kado sa Yvy Best Printing ap gen yon sèvis Live Printing (enpresyon sou plas) pou moun ki ta renmen enprime yon kado pou ofri yon pwòch yo”, selon sa Lynch eksplike. 

Li te kontinye eksplike, ap gen yon fotograf sou plas pou fè foto pou moun ki ta renmen make moman sa ak yon moun ki chè pou yo, yon moun tankou manman yo.  

Nan non ekip Dream Expo a, Lynch te bay kèk konpayi ki nan domèn pèman elektronik ak mobil, pou yo kolabore ak yo nan reyalizasyon fwa sa paske youn ap bezwen lòt. Li te atire atansyon responsab konpayi sa yo sou kote gen pou wè ak komès nan aktivite sa menm si l plis chita sou yon baz kilti men gen espas pou fè pwomosyon komès ladan l. 

Nan nòt pou l te met fen ak ti bat bouch la, reprezantan Dream Expo a te fè tout kreyatè konnen y ap tann yo pou yo vin enskri avan 11 me pou yo ka prezante bèl pwodui ak bon jan kalite jou k ap samdi 28 me, pandan piblik la ap tou pwofite viv ekip kap leve twofe Lig Dè Chanpyon an epi nan dimanch 29 me, li envite tout moun vin fete ak manman yo, pran plezi ak yo nan lamou. 

Nan okazyon wikenn fèt manman yo, Dream Expo kase randevou

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Restez informé(e) 7 jours sur 7, 24h sur 24, des événements marquants de l’actualité haitienne et internationale.