Nan Ti rivyè Latibonit bagay yo dejenere 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
nan ti rivyè latibonit bagay yo dejenere 

Ensekirite a ki pa sispann vale teren nan peyi d Ayiti kontinye fè viktim chak jou pi plis. Nan Pòtoprens kou nan vil pwovens yo, bandi ak zam kou ak manchèt ap simaye latwoublay nan mitan popilasyon an. Konsa, nan Ti Rivyè Latibonit bagay yo pa sispann dejenere, tout sa yo malgre entèvansyon lapolis. 

Depi aprè lanmò chèf gang nan Palmis lan, Lodè, suit ak afwontman avèk lapolis, popilasyon Ti Rivyè a pa sispann viv anba presyon malfektè yo ki pa pè itilize tout metòd pou fè presyon sou yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon abitan ki blije sove kite zòn nan pou refijye l nan vil Senmak, toujou nan depatman Latibonit, fè konnen aprè entèvansyon lapolis nan zòn sila bandi yo pa sispann chanje kout zam ant yo menm, mete sou sa yo vòlè komès moun, bat yo, vyole fanm elatriye, san konte inosan yo ekzekite. 

Depi dènye entèvansyon fòs lòd yo nan Ti Rivyè Latibonit, gwoup advès yo ki nan Savyen ak Jean-Denis pa sispann fè viktim nan depatman sila ki fin tonbe anba men bandi ak zam kou ak manchèt k ap goumen pou teritwa. 

Collectif Défenseur Plus, yon òganizasyon k ap defann dwa moun, te deja drese yon bilan enkyetan nan Ti Rivyè mwa jiyè pase. Mèt Antonal Mortimé te revele plis pase yon ventèn moun te mouri anba bal, manchèt ak dife bandi sa fwa ni lwa yo. Malgre l te bay alèt sou sitiyasyon an otorite yo pat vrèman pran demann li a an konsiderasyon, jounen jodi a menm sèn yo ap repwodwi.  

Lè a grav nan peyi d Ayiti. Alòske kapital la Pòtoprens tonbe nan kawo, bandi yo kenbe vil pwovens yo an otaj tou. Pou kounya viv an pè rete yon veritab defi pou pèp ayisyen an, patikilyèman fanm, timoun ak ti granmoun yo. Yo se premye viktim ki resanse lè kriminèl notwa yo deside pase alaksyon. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.