Operasyon deblokaj nan Sous Matla : lapolis sove plizyè moun

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
operasyon deblokaj nan sous matla lapolis sove plizyè moun

Polis Nasyonal Ayiti (PNH) fè konnen li mennen yon operasyon deblokaj wout nan lokalite Sous Matla ki chita kò l nan antre nò kapital la Pòtoprens, nan komin Kabarè.

Sou rezo sosyal li yo, sitou Facebook, enstitisyon polis la pibliye yon videyo ki montre yon zòn – Sous Matla – ki dezè epi bandi pran an otaj. Divès kay ak machin ki boule konstate tou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon plan ayeryen operasyon an menm montre bandi k ap atake yon machin entèvansyon PNH la ak kòktèl molotov. Endividi yo kache nan kay ki abandone pou atake fòs lòd yo, epi kouri al kache.

Yon lòt kote, polisye yo rive sove plizyè moun ki rete nan zòn nan, si n kwè imaj li prezante yo. Yon sekans nan menm kontni an montre plizyè endividi – gason, fanm ak timoun – ak figi yo twoub nan youn nan machin polisye yo, ki t ap bay yo asistans.

Nan Sous Matla, depi atak gang Kanaran an, ki anba lòd « Jeff », ki jwenn sipò bandi « 5 Segond » yo nan Vilaj de Dye, sitiyasyon an dejenere anpil. Moun ki rive sove po yo rapòte gen plis pase 200 moun bandi touye.

Depi 17 avril zòn sila nan touman, yon touman ki te kòmanse depi desann 2022. Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) lonje dwèt byen long sou move je ki nan sektè politik ak ekonomik peyi a dèyè beny san sila epi mande Leta pou pran responsabilite l.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.