Nasyonzini mande kominote entènasyonal la pou yo pa rapatriye Ayisyen yo nan peyi yo 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
nasyonzini mande kominote entènasyonal la pou yo pa rapatriye ayisyen yo nan peyi yo 

Nasyonzini atravè dirijan ajans dwa moun ak refijye li yo mande ayè jedi 3 Novanm lan pou kominote entènasyonal la sispann voye Ayisyen ilegal yo tounen lakay yo an Ayiti akòz jan sitiyasyon an prezante aktyèlman. 

« Lè nou konsidere sitiyasyon sa bay anpil enkyetid, mwen mande tout Eta yo pou yo pote solidarite ak Ayiti e mwen ankouraje yo pou yo pa voye Ayisyen yo tounen nan yon peyi ki trè frajil », se deklarasyon Wo Komisyonè pou Refijye yo (HCR), Filippo Grandi, nan yon kominike. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Li klè vyolasyon dwa sistematik yo an Ayiti kounye a pa pèmèt yo voye Ayisyen lakay yo ak yon asirans, ki diy epi dirab », se sa Wo Komisyonè pou Dwa Moun, Volker Türk te di nan yon lòt deklarasyon apa. 

Li ankouraje gouvènman yo ki nan rejyon an pote solidarite yo bay refijye ayisyen yo, epi pou yo fè tout mwayen posib pou Ayisyen sila yo jwenn aksè ak yon rejim legal, ak sèvis pwoteksyon ak akonpayman, kenpòt pou rezon yo ta kite peyi yo a. 

N ap raple òganizasyon Human Rights Watch (HRW) te deja fè menm demand sila pa bò kote kominote entènasyonal la. 

Jounen jodi a Nasyonzini, atravè HCR (Ajans Nasyonzini pou refijye yo oubyen Haut-commissariat pour les réfugiés) rapòte nan mwa jen 2022, te genyen 147 mil 558 Ayisyen ki te mande azil. 

HCR fè konnen laplipa nan Ayisyen sa yo travèse sou kèk zile tankou Tik ak Kaykos, Baamas pou yo kapab janbe Ozetazini. Konsa tou yo konn pase pa Chili, Brezil, elatriye. 

Wo Komisè pou Dwa Moun nan, Volker Türk mande solidarite pa bò kote lòt peyi yo pou asire moun k ap chèche azil yo ka gen aksè a pwosedi ki jis ak efikas, li fè remake lwa entènasyonal dwa moun entèdi retou kolektif yo ak depòtasyon san evalyasyon endividyèl yo. 

 « Ayiti prèske chavire, » se deklarasyon l, pandan li mande pou evite « repete menm erè tan pase yo. » 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.