Plizyè moun sòti blese ak bal abò yon bis transpò piblik aprè bandi te deside louvri kout zam sou yo nan zòn Matisan, nan aprèmidi jedi 3 Novanm 2022 a.
Suit ak dram nan, veyikil sila k ap asire trajè Kafou/Santvil, t al kanpe kous li nan komisarya Kafou a pou te pèmèt yo bay viktim yo premye swen. Jiskaprezan poko gen okenn gwo detay ki bay sou zak la ak sou idantite viktim yo.
Genyen plizyè atak menm jan ki fèt oparavan deja, menm konn gen moun ki mouri, pami yo ti bebe. Kriminèl yo konn menm detounen machin ak tout pasaje.
N ap raple, lis viktim yo pa sispann monte nan zòn sila ki anba kontwòl bandi Matisan yo. Travèse twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan kè pòpòz rete yon veritab defi ki kapab mennen lanmò, sitou lè bandi yo kanpe sou mechanste, patikilyèman sa Village de Dieu yo, ki paralize tout yon bò nan peyi a poukont yo. Yo bloke rantre sid kapital la.
Fas ak sitiyasyon an moun ki bezwen rantre oubyen kite kapital la pou rann yo nan gran Sid la, oblije swa pran ti avyon, bato oubyen pase pa wout Tara’s, la ki gen gang Ti Makak la k ap dirije l. Jiskaprezan Leta ayisyen pako janm fè anyen pou reprann kontwòl zòn sa yo alòske viktim omisid, kidnapin, vyòl ak vòl yo pa sispann ogmante la.
Absans lapolis nan Matisan pa pase inapèsi se kriminèl notwa k ap fè lalwa la, e yo menm rive al poze vye zak deyò baz yo. Malgre tout sa yo, otorite ayisyèn yo neglije rèl popilasyon an ki bouke ak move nouvèl.
Facebook Comments