Nasyonzini mande pou gen yon aksyon rapid ki fèt pou pwoteje timoun yo an Ayiti 

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
nasyonzini mande pou gen yon aksyon rapid ki fèt pou pwoteje timoun yo an ayiti 

Kominote dwa timoun Nasyonzini mande madi 1ye novanm lan pou kominote entènasyonal la aji “san pran tan” fas ak divès menas ki pandye sou tèt timoun yo nan peyi d Ayiti. 

Daprè komite a, zak vyolans ki pa sispann ogmante nan peyi d Ayiti anpeche plizyè timoun ale lekòl depi 3 Oktòb pase, mete sou sa epidemi kolera ak malnitrisyon ki menase yo. 

Yon lòt kote, Nasyonzini atravè komite dwa timoun yo fè konnen, ka kolera yo ki pa sispann ogmante nan peyi a menase lavi, lasante ak byennèt 1,2 milyon timoun k ap viv nan zòn ki touche yo, alòske Ayiti pa t anrejistre okenn kontaminasyon ak maladi a pandan 3 dènye ane ki sot pase la yo. 

UNICEF pa bò kote pa l rapòte nan zafè grangou, genyen prèske 100 mil timoun ki gen mwens pase 5 lane k ap soufri malnitrisyon nan dènye nivo a. Yon pwoblèm ki vin pi grav depi dènye mwa sa yo akòz vyolans ak difikilte ekonomik peyi a ap fè fas depi kèk tan. 

« Kominote entènasyonal la dwe sipòte otorite nasyonal yo nan devwa yo pou garanti dwa timoun yo pou yo viv, grandi, aprann ak pwospere nan yon klima san vyolans, » Komite a ensiste. 

Anplis de sa, li mande otorite ayisyen yo respekte obligasyon entènasyonal yo anba Konvansyon dwa timoun, ki gen ladann pwoteksyon yo kont nenpòt kalite patisipasyon nan konfli ame, trafik moun, pwostitisyon timoun ak pònografi. 

Facebook Comments

TAGGED:
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.