Sektè ayeryen peyi a san lè sispann aprè atak bandi fè sou plizyè kontwolè 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : Balistrad

Se konsa nouvèl la tonbe, aprè Federasyon entènasyonal kontwolè ayeryen yo fin denonse divès atak ak zam ki fèt sou 5 kontwolè yo, samdi 29 Oktòb pase a. Ensekirite a k ap pran manm nan peyi a pa sispann fè plis viktim, aprè atè ak sou lanmè, se tou pa espas ayeryen an pou li menase akòz bandi ak zam k ap simaye latwoublay. 

Suit ak atak bandi fè sou plizyè kontwolè ayeryen pandan yo t ap pral travay, espas ayeryen peyi a menase. Pandan yon tantativ kidnapin, otè zak yo ki louvri kout zam sou konsène yo, blese youn nan yo ak yon bal nan janm dwat tou pre ayopò entènasyonal Toussaint Louverture a, pandan yo t ap transpòte anplwaye sila yo nan travay yo. Viktim nan te transpòte lopital san pran tan.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè ensidan nou aprann Biwo nasyonal aviyasyon sivil Ayiti a (OFNAC) itilize moun ki pa menm kalifye epi ki pa gen lisans pou kontwole syèl peyi a, pou fè travay la. Vis prezidan ekzekitif pou rejyon Amerik gwoup kontwolè ayeryen yo, denonse movèz pratik sila nan jounal ameriken Miami Herald. 

“Mwen konprann yo pakonn sa pou yo fè pou asire sekirite kontwolè ayeryen yo genyen yo. Men nou panse solisyon an se pa sèlman pran nenpòt moun ki pa kalifye oubyen ki te kontwolè depi 10 lane, pou fè travay la”, se deklarasyon responsab la. 

Trish Gilbert di li planifye pou l rankontre ak otorite dominiken yo sou enkyetid sa yo. Peyi a, ki pataje zile Ispanyola ak Ayiti, gen vòl regilye pou Pòtoprens.  Li poko pale ak Administrasyon Aviyasyon Federal la, ki te reponn yon ankèt Miami Herald lè li te dirije repòtè a nan konsèy vwayaj Nivo 4 Depatman Deta a ak yon sitwèb konsèy pilòt.  Genyen plizyè transpòtè ameriken ki ofri sèvis vòl ki pwograme pou Ayiti tankou American Airlines, Jetblue ak Spirit.  

“Gilbert te di asosyasyon an te eseye kontakte otorite avyasyon sivil Ayiti a pou diskite sou opsyon, tankou demenaje nan yon ekipaj eskèlèt oswa limite trafik ayeryen an sèlman ak vòl imanitè oswa vòl yo jije esansyèl.  Men, pa te gen okenn repons.”_ Miami Herald.  

Pa bò kote pa l, aprè atak bandi te fè kont anplwaye li yo, OFNAC sòti yon nòt madi 1ye novanm nan pou kondane atak sila epi fè konnen li pran tout mezi nesesè pou jere sitiyasyon an tankou pèmèt ranfòsman sistèm sekirite yo bò kote anplwaye enstitisyon an e sitou kontwolè trafik ayeryen yo ; fè swivi apwopriye ak otorite leta konsène yo, ladan l Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), pou yo ka kòmanse yon ankèt epi anpeche yon ensidan konsa alavni ; mete lòt kontwolè ki pa kapab opere nan plas premye yo aprè evènman, pou kenbe espas ayeryen nasyonal la louvri ; kenbe kanal kominikasyon an ouvè ant divès depatman OFNAC yo, kontwolè ayeryen yo ak reprezantan yo nan lide pou rive adopte yon ansanm mezi pou kontinye amelyore kondisyon travay teknisyen sa yo enstitisyon an bay valè. 

N ap raple, òganizasyon pwofesyonèl endepandan kontwolè ayeryen yo, ki baze nan Monreyal, genyen plis pase 50,000 kontwolè trafik ayeryen nan 133 peyi nan mond lan ki pou reprezante l. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.