OIM lanse yon apèl ijan 3,2 milyon dola pou kontinye lite kont kolera 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
l'oim lance un appel urgent de 3,2 millions de dollars pour poursuivre la lutte contre le choléra

Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon (OIM) lanse yon apèl ijan 3,2 milyon dola ameriken pou kontinye fè fas ak epidemi kolera nan peyi a epi ede moun ki deplase yo. 

Dènye bilan epidemi kolera nan peyi a fè konnen gen 233 moun ki mouri ak 12,541 ka sispèk maladi sa depi lè li reparèt nan peyi a nan mwa oktòb ki sot pase a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Reparèt maladi sa sou teritwa nasyonal la 3 oktòb ki sot pase a bay plis pwoblèm toujou ak kondisyon lavi moun anndan peyi a, prensipalman sila yo ki pi vilnerab yo. 

Kondisyon sosyopolitik yo anndan peyi an ki pa estab depi kèk tan, peyi lòk, ratman gaz, vyolans gang ame yo ak ensekirite jeneralize Ayiti ap konnen depi kèk tan limite deplasman otorite sanitè yo pou rive jwenn malad yo. 

Nan sans sa, òganizasyon an lanse apèl èd sa pou ranfòse yo pi plis toujou pou kapab sove plis vi. Daprè Philippe Branchat ki se chèf misyon an an Ayiti, si pa gen anyen ki fèt, sa kapab gen gwo konsekans sou de milye moun ki deja ap viv nan sitiyasyon difisil. 

Akoz vyolans gang ame nan rejyon metwopolitèn lan dènye tan sa yo, plis pase 96,000 moun kite kay yo. Twoub sosyopolitik yo ak difikilte pou rantre nan kominote ki touche yo rann kris imanitè a vin pi grav epi rann difisil repons ijans responsab sante yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.