Plis pase 130 moun mouri nan peyi End aprè yon pon efondre dimanch swa 30 Oktòb la nan lwès peyi a, pi presizeman Eta Gujarat. Otorite lokal yo rapòte laplipa viktim yo mouri neye akòz se yon rivyè pon sila travèse.
#Gujarat CCTV footage of Morbi Bridge collapse.
more then 134 people died after the cable #bridge collapsed in the Machchhu river yesterday #GujaratBridgeCollapse #MorbiBridge #MorbiCableBridge #BridgeCollapse #bridge #CCTV#Gujrat pic.twitter.com/uD2tI3hpPZ
— The IBN (@theindianboxnew) October 31, 2022
130 moun pou piti mouri sou 500 ki te sou enfrastrikti sila pandan òganizasyon divès rityèl relijye. Kab yo ki te kenbe pon an kase menm moman epi lakòz plizyè moun mouri. Pami viktim yo genyen fanm ak timoun.
« Moun yo tonbe youn sou lòt lè pon an kase a. Yo te reyini sou li pou plizyè rityèl akòz festival Diwali a, Genyen anpil fanm ak timoun pami viktim yo », se konsa medya lokal yo rapòte dram sila.
Otorite yo te deja lanse plizyè operasyon sovtaj ki enplike plonjè, sòlda ak bato pou sove potansyèl sivivan yo.
Pon sila ki pandye anlè, mezire 233 mèt. Li konstwi nan lane 1880 avèk materyèl ki te sòti nan peyi Angletè. Otorite yo te louvri l ak gran piblik la dènyèman aprè 2 mwa travay.
N ap raple aksidan sou ansyen enfrastrikti sa yo souvan fèt nan peyi End. An 2016, yon pasrèl ki kase te lakòz 26 moun mouri nan vil Kolkata, nan lès peyi a. An 2011, omwen 32 moun te pèdi lavi yo sou yon pon pandan yo t ap patisipe nan yon festival, nan prèske yon semèn aprè yon pasrèl ki kase te touye 30 moun.
Epitou an 2006, omwen 34 moun te mouri aprè yon pon ki gen 150 lane te kraze pandan yon foul moun t ap pase sou li nan yon ga nan Eta Bihar, nan lès teritwa endyen an.
Facebook Comments