Menm jan ak tout lòt aktè nan sosyete a, Pati Konstwi Lavi ap chèche solisyon pou kriz miltidimansyonèl la k ap manje peyi a. Òganizasyon an pwopoze yon « Kongrè Nasyonal Reprezantan « , pou yon kòmansman refleksyon pou inisye yon dyalòg fran ak tout pwotagonis yo.
Vrèman vre, nan yon konferans pou laprès, lendi 31 oktòb 2022 sa a, estrikti politik Pati Konstwi Lavi, Dr Harrison Ernest ap dirije a , te prezante : « Refleksyon-Repons Final nan Kriz Ekonomik Repiblik Ayiti a ». Nan yon dokiman ki gen 7 paj estrikti a pwopoze, aprè yon bon moman silans ak obsèvasyon sitiyasyon peyi a.
Pati a, ki rele gouvènman Ariel Henry a ilejitim ak ilegal, te drese yon tablo ki chokan anpil konsènan sitiyasyon peyi a. Estrikti a deplore yon egzekitif monosefal ki bay tout pouvwa a Premye Minis la, yon Palman ki pa fonksyone, ak 10 senatè sèlman ki rete ak yon pouvwa Jidisyè a jenou, bandi ak zam anpche fonksyone.
Estrikti politik la kwè si Premye Minis Ariel Henry rete sou pouvwa, pwoblèm sa yo peyi a p konfwonte a pap janm rezoud. Se sak fè òganizasyon an pwopoze yo: « Kongrè Nasyonal Reprezantan an », ki pral mete yon fen nan egzekitif monosefal la. Estrikti sa a pral gen yon reprezantan nan chak depatman, ni nan dyaspora. Reprezantan sa yo se Lidè enfliyan depatman yo kap chwazi yo.
Kongrè a pral mete sou pye yon kòmansman refleksyon sou kriz ekonomik la, ki konstitye yon pwen depa pou kriz estriktirèl peyi a ap sibi. Debloke Tèminal Vare, revizyon desizyon ki sot pase a ki gen rapò ak ogmantasyon pri petwòl la, rezèv pou ijans ponp yo, ranfòsman sekirite lari yo, louvèti klas apati Lendi 07 Novanm 2022 a.
Yon lòt bò, Prezidan Pati Konstwi Lavi a, Doktè Harrison Ernest, te pwofite demanti akizasyon ki lye l ak lidè gang G-9 Barbecue. Sepandan, li fè konnen ansyen polisye Jimmy Chérisier alyas Barbecue te fè pati gad kò li yo nan yon moman, lè li te direktè Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH). Li fè remake tou li te rete nan menm katye ak swadizan lidè gang lan e li te gen yon bon relasyon ak fanmi li.
Facebook Comments