Peyi Kanada di l ap toujou la pou pèp Ayisyen an 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
peyi kanada di l ap toujou la pou pèp ayisyen an 

Nan vwa Premye minis li, peyi Kanada eksprime volonte ak dezi li genyen pou rete kanpe pa bò kote pèp ayisyen an. Nan yon mesaj li pibliye sou kont Twitter li, Justin Trudeau fè konnen gen divès chita pale ki te fèt sou sitiyasyon peyi a aktyèlman. 

“Kanada ap toujou la pou ede moun yo an Ayiti. Jodia, Melanie Joly ak mwen te fè yon reyinyon ki baze sou sitiyasyon an an Ayiti”.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou pote yon repons ak kriz la ki vin pi konplèks sou teritwa, premye minis kanadyen an te anonse èd imanitè pou popilasyon ayisyèn nan ak sanksyon siplemantè kont moun ki gen men tranpe nan koripsyon ak zak vyolans pa bò isit. 

Wi, M. Justin Trudeau anonse yon èd imanitè 16,5 milyon dola pou ede peyi a gen estabilite. Kòb sa ap repati konsa: 8 milyon dola pou reponn ak bezwen popilasyon an ki touche pa kriz la ; 5 milyon dola pou ede otorite yo nan peyi d Ayiti mennen ankèt, pousuiv ak jije ka koripsyon ak kriminalite ekonomik yo, blanchiman lajan ak lòt enfraksyon ; 3 milyon dola pou ranfòse ak amelyore aksè ak èd jiridik pou viktim vyolans ki chita sou sèks yo, pou ranfòse aksè ak jistis la epi lite kont enpinite ak koripsyon an Ayiti. 

Premye minis Trudeau fè deklarasyon sila yo, pami plizyè lòt, pandan yon reyinyon sou Ayiti ki te dewoule nan okazyon dènye jounen Somè Frankofoni a, nan peyi Tinizi. 

Se te okazyon pou l te anonse Kanada etann sanksyon l yo kont ansyen prezidan Tèt Kale Michel Joseph Martelly, epi kont premye minis Laurent Lamothe ak Jean-Henry Céant. 

Daprè minis federal Afè etranjè yo, Mélanie Joly, 3 nonm sila yo gen men tranpe byen fon nan ede gang kriminèl kraze gouvènman an plas la. Kanada mande pou patnè entènasyonal li yo suiv menm ekzanp lan epi sanksyone 3 ansyen dirijan sa yo, pami plizyè lòt ki site deja. 

« Sanksyon nou yo se paske moun ki sanksyone yo benefisye dirèkteman nan travay gang yo epi yo asosye ak yon rejim koripsyon, » li te di. 

 Minis afè etranjè ayisyen an, Jean Victor Généus, fè konnen nouvo sanksyon yo pral gen konsekans reyèl pou moun ki fè peyi li tounen yon « kochma ». 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 « Sanksyon yo pral gen yon enpak prevantif, » li te di pandan reyinyon sila. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.