PNH la mete plizyè estrateji kanpe pou konbat ensekirite a nan plizyè depatman 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pnh la mete plizyè estrateji kanpe pou konbat ensekirite a nan plizyè depatman 

Nan yon nòt, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) enfòme ayè mèkredi 30 novanm 2022 a, li fè plizyè chanjman estratejik elaji nan nivo kòmandman enstitisyon an. 

Nan lide pou rann PNH la pi dinamik nan estrikti operasyonèl li yo, wo kòmandman an deside fè chanjman sila yo. Konsa tou li mete kanpe yon nouvo plan sekirite pou akonpaye nouvo transfè sila yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsa, Bruce Myrthil, ki se aktyèl Direktè Depatmantal Nòdwès la, nonmen Direktè Depatmantal nan Latibonit ; Komisyonè Divizyonè Ralph Dominique tounen nan Direksyon jeneral pou okipe yon lòt fonksyon ki pa presize.  

Pa bò kote pa yo, Komisyonè Divizyonè Louis Edner Hiacinthe pran kòmand Direksyon Depatmantal Nòdwès (DDNO) epi Komisyonè  Prensipal Orelus Anthously vin  nouvo responsab awondisman Kwadèboukè. 

Pou fini, Komisyonè Jean Louis Aladin, transfere nan jiridiksyon Petyonvil kòm nouvo Komisè. Exatus Kalerbe, ki te Komisyonè Prensipal, transfere nan Jakmèl kòm Komisyonè awondisman, epi Komisyonè Prensipal Roosvelt Charles ale nan Leyogàn. 

Toutfwa n ap raple depi kèk tan peyi a tonbe totalman anba kontwòl gang, genyen anpil zòn polis paka pase la yo oubyen tabli baz yo la. Ka asasina, kidnapin, vyòl ak vòl yo ap pousuiv patikilyèman nan zòn sa yo.  

20 novanm pase a, PNH la te kòmanse anvizaje bon jan dispozisyon pou ede popilasyon ayisyèn nan pase yon bon fèt pou fen lane 2022 a, epi pou te sekirize rantre klas yo ki te dwe fèt pa bò isit. Malgre tout mezi sila yo, ensekirite a ap panpannen kò l alòske fèt fen dane yo rive, anyen pa janm fèt pa bò kote pouvwa anplas la pou rezoud pwoblèm ensekirite a k ap vale teren. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.