Polisye yo egzije 50 mil goud kòm salè akoz ogmantasyon pri pwodui petwolye yo 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
polisye yo egzije 50 mil goud kòm salè akoz ogmantasyon pri pwodui petwolye yo  (1)

Akoz ogmantasyon pri pwodui petwolye yo ki ap gen konsekans sou lavi moun anndan peyi a, polisye yo reklame bò kote Leta yon ajisteman pou piti 50 mil goud kòm salè ak 30 mil goud sou kat debi a pou polisye ajan I yo. 

Nan yon kominike ki pote dat 10 novanm 2022, Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (SYNAPOHA) egzije Leta santral pou ogmante salè polisye yo akoz desizyon gouvènman an pran pou kenbe ogmantasyon pri pwodui petwolye yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« SYNAPOHA konstate gouvènman ayisyen an kenbe desizyon ogmante pri pwodui petwolye yo. Nan fason sa, sa ap afekte pri pwodui premye nesesite yo ansanm yon varyasyon sou kou lavi a. Alòske polisye yo toujou gen menm salè a», tradiksyon yon pati nan kominike sa. 

Nan sans sa, Sendika nasyonal polisye ayisyen yo egzije yon ogmantasyon salè pou pi piti 50 mil goud pou kapab fè fas ak lavi chè ogmantasyon pri pwodui petwolye yo ap trennen dèyè l la. 

Sendika a envite tout polisye yo fè yon sèl pou kapab fòse Leta pran an konsiderasyon divès revandikasyon sa yo. 

N ap raple, pandan plis pase yon mwa, popilasyon an te pran lari nan divès kwen nan peyi a pou te kapab egzije gouvènman ayisyen an tounen sou desizyon ogmante pri pwodui petwolye yo, yon seri mouvman ajan fòs lòd yo te souvan mate ak bal reyèl epi gaz lakrimojèn. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.