Pou pwochen lane eskolè a, MENFP anvizaje bay lang kreyòl la plis valè

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pou pwochen lane eskolè a, menfp anvizaje bay lang kreyòl la plis valè

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse yon refòm enpòtan nan sistèm edikatif la, patikilyèman pou elèv 9èm ane fondamantal yo. Pou ane akademik 2023-2024 la, genyen plizyè matyè pwen yo ap ogmante.

Wi, nan dat 14 jen 2023 a, MENFP pibliye yon desizyon ministeryèl k ap pote plizyè modifikasyon nan evalyasyon elèv yo pou nouvèl ane akademik la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Tankou nan atik 1 an, MENFP fè konnen apati ane eskolè 2023-2024 la, matyè ak disiplin yo ap evalye konsa nan ekzamen ofisyèl 9èm ane fondamantal yo :

1. Matematik / 300 pwen ;

2. Kreyòl / 300 pwen (li te 200 pwen oparavan)

3. Fransè / 300 pwen

4. Anglè / 200 pwen

5. Espanyòl / 200 pwen

6. Syans sosyal / 300 pwen olye de 200, ladan l ap tou gen edikasyon sitwayènte ;

- Advertisement -
Ad imageAd image

7. Syans eksperimantal / 300 olye de 200

8. Edikasyon estetik ak atistik / 200 pwen

9. Edikasyon fizik ak espòtif / 200 pwen

- Advertisement -
Ad imageAd image

10. Inisyasyon nan teknoloji ak aktivite pwodiktif / 200 pwen olye de 100.

Nan divès lòt atik, ministè Edikasyon nasyonal enfòme elèv yo ap kapab sibi, eksepsyon matyè lang yo, nan lang fransè oubyen kreyòl si yo vle. Y ap gen pou pwopoze yo evalyasyon yo nan 2 lang yo, yo va chwazi. Epi tou MENFP ankouraje ansèyman anglè a anpil, depi 3èm ane fondamantal.

Nan atik 3, ka li Direksyon curriculum ak Kalite a (DCQ) epi Direksyon ansèyman fondamantal (DEF) chaje pou yo fè revizyon pasyèl curriculum ki konsène prensipalman revizyon tablo pwogresyon pedagojik ki gen rapò ak plan etid yo ki gen ladan l divès chaj orè lekòl fondamantal yo.

MENFP fè konnen nan atik 4 la, desizyon ministeryèl sila ap antre an aplikasyon osito l pibliye. Li mande pou direktè depatmantal edikasyon yo, kòdonatè ansèyman fondamantal yo, enspektè prensipal yo ak ki plase nan zòn yo, direktè lekòl piblik ak prive yo pou fè an sòt desizyon ministeryèl sila respekte.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.