Powetès Jessica Nazaire mouri 

Peterson Dorsainvil
ParPeterson Dorsainvil

Kominote literè ak kiltirèl ayisyen an an dèy, ekriven-powetès Jessica Nazaire ki te pibliye rekèy powèm « Pwa grate » mouri lopital, aprè yon konba kont yon maladi l te genyen depi yon ti tan.  

Malgre nouvèl la te kòmanse sikile sou rezo sosyal yo, plizè moun pa t ka kwè e t ap poze kesyon. Malerezman, Marc Sony Ricot, jounalis Le Nouvelliste, ki se yon pwòch Jessica ta pral konfime nouvèl la : « Se konfime Jessica Nazaire mouri jodi a lopital. Li te gen plizyè jou etène lopital. Li te malad nan poumon. Jessica Nazaire te powetès epi etidyan. Li mouri ak 24 lanne », se sa Marc Sony ta pral ekri nan yon piblikasyon sou kont fesbouk li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jessica Nazaire fèt Pòtoprens, jou ki te 17 jiyè 1997 la. Li te etidye jounalis nan ISNAC ak syans jiridik nan fakilte dwa ak syans ekonomik (FDSE) Ak kominikasyon sosyal nan fakilte syanzimèn. Se te yon jèn fi ki te kwè nan liv. Li te toujou sèvi ak plim li pou defann koz moun ki pi maltrete yo. Se yon moun anpil moun te konnen gras ak imilite l ak lanmou l te genyen pou pwòch li. Li mouri samdi 12 mas la a 24 lane men l kite « Pwa grate », yon rekèy powèm kote chak tèks se yon kout kanno. Ekzistans Jes te pwomèt lavi anpil chòy men lanmò pa ba l chans fè tout sa l te ka fè. Lanmò l se yon gwo pèt pou nanchon an.  

Malgre l te pi gran pase laj li, Jes se yon lòt nanm ki fè vwèl pou peyi san chapo twò bonè. Ekip Netalkole Media ap adrese senpati l ak tout moun : fanmi, zanmi, kanmarad ak kòlèg, ki afekte pa disparisyon sa. 

Pa gen pi bèl fason w ka swete yon powèt bon travèse ke avèk yon bèl powèm ; sa ke anpil powèt konnen, se nan sans sa anpil nan aji, pami yo Cherlie Rivage ki ekri tèks sa :

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.