Raketè kontinye fè gwo kòb malgre randevou DELIDOC yo

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
raketè kontinye fè gwo kòb malgre randevou delidoc yo

Malgre ou pran randevou sou platfòm DELIDOC la gouvènman an te lanse jou ki te vandredi 31 mas 2023 a, raketè kontinye fè mago lajan ak kliyan yo nan zafè randevou paspò anliy nan imigrasyon an.

Se anba gwo difikilte pou yon moun reyisi demann paspò l sou sit DELIDOC gouvènman an, anplis de sa, demann anliy lan pa wete fasilite pou raketè fè gwo kantite lajan yo. Nan sans sa a, òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti di li wè se anba gwo difikilte sitwayen yo rankontre pou jwenn yon paspò, sitou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon demandè anliy bezwen ant 25 jiska 50 mil goud pou l jwenn aksè ak paspò li, sitou fanm ak timoun ki te deja pran randevou sou entènèt atravè platfòm “DELIDOC” la. Daprè obsèvasyon sa a, òganizasyon dwa moun lan mande ofisyèl imigrasyon yo pou yo pran responsabilite yo fas ak fòm koripsyon sa a.

“Aplike pou yon paspò koute ant 25 a 50,000 goud epi pèsonn pa an sekirite pou yo fè ekstòsyon”, daprè òganizasyon an, pandan yo ensiste pou montre kijan aksè a yon demann anliy pa fasil pou tout moun.

“Fas ak sitiyasyon sa a, fanm yo trè vilnerab, gen kèk anplwaye ki menm ale byen lwen pou sèvi ak pozisyon yo pou abize kèk fanm an echanj pou sèvis pi rapid”, daprè sa kèk moun ki viv eksperyans fè paspò an rapòte.

“Mwen gen yon raketè ki zanmi m ki mande m 50 mil goud pou l fè m jwenn paspò m lan. Men li di m fòk mwen al siyen ak demann DELIDOC la avan, aprè l ap pèmèt mwen jwenn livrè a nan yon semèn”, deklare yon demandè.

Jwenn aksè nan yon sant pou pwodiksyon dokiman vwayaj ak jwenn lèt sa yo se yon dwa, epi pyès moun pa anlè lalwa, pèsonn pa ka fòse l tou. Kliyan yo plenyen pou konpòtman ajan otorize yo ki dakò makònen sosis yo ak raketè yo pou peze kou moun yo. Li ta dwe plis enpòtan pou ofisyèl imigrasyon an Ayiti yo dwe pran responsabilite yo san mank, anba obligasyon yo konfye yo pou garanti dwa pou sitwayen yo genyen yon paspò.

“Esi sa nesesè, pou amelyore kalite sèvis yo ak fasilite tretman apwopriye yo, patikilyèman pou fanm ak timoun ? ”, se sa òganizasyon pou defans dwa moun lan, OCNH, vle solisite responsab yo nan Leta a atravè yon nòt pou laprès yo pibliye 16 me pase a.

Yon lòt bò, yo mande Leta ayisyen pou respekte dwa tout sitwayen nan domèn dwa ak papye idantiye yo. Anplis de sa, estrikti sa a envite Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo nonmen yon nouvo direktè teknik pou ranplase ansyen direktè a ki te demisyone sa gen anviwon 11 mwa a, pou l devlope yon plan ak solisyon reyèl pou sèvis imigrasyon an kounye a, yon fason pou bay yon sèvis san diskriminasyon ak san vyolasyon dwa sitwayen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Malgre nouvo defi k ap parèt, Leta ayisyen dwe envesti l plis nan sistèm imigrasyon an pou ranfòse aksè ak kalite sèvis aplikasyon paspò ak livrezon yo, epi avèti moun ki sèvi ak lwa yo pou retire lajan nan men moun ki pi vilnerab yo”, konkli nòt sa a ki pote siyati Naïka Farley HOLLAND, responsab Inite Rechèch ak Piblikasyon Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.