Rantre lekòl la pou mwa novanm nan toujou posib ? 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
rantre lekòl la pou mwa novanm nan toujou posib  

Bri a te kouri byen fò sou rezo sosyal yo pandan semèn pase a, nòt sou nòt, presyon sou presyon pou aktivite eskolè yo te louvri baryè yo jodi 7 novanm 2022 a, kisa a rezilta yo bay ?  « Nad marinad », pandan yon vire won nou te fè nan prèske pifò lekòl yo nan Pòtoprens peyi a, lekòl yo sanble youn ap veye sou lòt pou yo reprann aktivite yo, baryè yo louvri se vre men pa gen pyès timoun ki mete pye. 

Se ak kè kontan plizyè elèv te aprann jodi 7 novanm nan yo t ap gen pou chita  pou premye fwa sou ban lekòl yo pandan ane akademik 2022-2023 a, kèk lekòl nan vil pòtoprens lan te deja soti nòt reouvèti klas yo, alòske paran yo bò kote yo p at montre ankourajman yo pou te voye timoun yo lekòl 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nou te ka remake baryè lekòl yo louvri, rantre nan kèk enstitisyon tankou  » Collège Saint Pierre, Immaculé Conception, Collège Canado Haïtien, Collège Sunem pou n site sa a yo sèlman. elèv yo te swete rantre lekòl jodi a si n ta kwè deklarasyon kèk ladan yo.  » Tout bagay mwen prè pou m te al lekòl jodi a, men paran m di m l ap voye m lè li wè lòt timoun ak inifòm nan lari a », te deklare Jessica, yon jenn demwazèl ki pral fè klas Filo ane sa a. 

Si pou sèten paran tout bagay ye sanse prè pou voye pitit yo lekòl, ebyen pou anpil lòt anyen toujou poko kòrèk, kèk paran nan mache Lali a pa t manke mo pou eksplike gwo kè kase yo genyen lè yo pran nouvèl lekòl la ane sa a,  » Mwen m pa p ba w manti m poko prè, lavi a di pou nou menm ti machann yo, nou gen anpil bagay nou poko ka achte akòz yo monte tèt nèg » deklarasyon youn ladan yo. 

Prèske tout peyi Leta pran responsabite yo toujou bay chans ak moso levasyon malgre kriz ensekirite k ap ravaje yo oubyen peryòd gè elatriye. Pa bò osit, lekòl la sanble pa rekonèt enpòtans li, otorite yo pa montre sansibite yo fas ak degradasyon edikasyon an nan peyi a, alòske tout moun dwe pase pa chimen sa a pou grandi sosyete l ak kilti li kòm moun. 

Si tout bon chabrak yo nan Ministè Edikasyon an ak Premye Minis Ariel Henry vle montre yo lejitim, li dwe pi enpòtan pou yo evalye enkonvenyan ki rann aktivite eskolè yo paralize nan tout longè sa a, pou pèmèt omwen tout timoun aprann, san pyès pati pri, san se pa yon minorite ki benefisye privilèj sa a. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.