Relijyon pou lapè soutni apèl Sekretè jeneral Nasyonzini an nan dosye Ayiti an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
relijyon pou lapè soutni apèl sekretè jeneral nasyonzini an nan dosye ayiti an 

Nan yon kominike pou laprès ki pibliye jounen madi 10 oktòb 2022 a, Relijyon pou lapè di li soutni ak tout fòs li apèl Sekretè jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterrez, pou mande entèvansyon yon fòs militè etranje an Ayiti pou rezoud kriz ki gen nan peyi an. 

Estrikti a raple Sekretè jeneral Nasyonzini an preokipe fas ak sitiyasyon an Ayiti an, ki ta pral mande kominote entènasyonal la, ni manb konsèy sekirite Nasyonzini an pou egzamine an ijans demand gouvènman ayisyen pou deplwaye imedyatman yon fòs militè etranje sou teritwa ayisyen an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kominike sa ki pote siyati Sekretè jeneral Azza Karam, Relijyon pou lapè envite tout kominote relijye nan mond la, patikilyèman an Ayiti, pou travay ansanm, nan lide pou kapab abouti ak yon sosyete ki soude. 

Estrikti relijye a presize egalman Sekretè jeneral Nasyonzini an mande pou tout pati ki konsène yo nan peyi a pou mete sou kote diferans yo e angaje yo san pèdi tan nan yon dyalòg pasifik tout moun ap ladan l kote y ap ka mete peyi an sou yon lòt chimen. 

Aprè demann gouvènman an pou mande entèvansyon fòs militè etranje sou teritwa ayisyen an, dosye a pou kounya twouve l ap etidye nan nivo konsèy sekirite ki anonse y ap bay dènye mo yo nan dat 21 oktòb k ap vini an sou nesesite pou bay swit ou non ak demann sa. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.