Repiblik Dominikèn depòte plis pase 5000 mille Ayisyen semèn  ki sot pase a 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
repiblik dominikèn depòte plis pase 5000 mille ayisyen semèn  ki sot pase a 

Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) Repiblik Dominikèn fè konnen li rapatriye anviwon 5.248 sitwayen ayisyen ki abite ilegalman nan peyi vwazen an aprè yo te fin arete yo. 

Enstitisyon an te pwofite fè konnen kantite Ayisyen yo te depòte yo, te arete nan kad yon seri operasyon ki te fèt pandan uit dènye jou yo ki sot pase a sou tout teritwa dominiken an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, DGM fè remake Ayisyen sa yo te nan Sendomeng sitou nan zòn tankou: Las Caobas, El Enriquillo, El Olguin, Libertador ak Buenos Aires kote yo te abite san yo pa gen dokiman ki akredite yo kòm etranje legal nan Repiblik Dominikèn. 

Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) di operasyon sa yo ap kontinye nan lide pou anpeche imigran ilegal ak moun ki san konsyans ak dosye kriminèl rete nan peyi vwazen an, pou eseye deranje lapè ak trankilite Dominiken yo 

529 gason ak 21 fanm te degèpi, sitou nan sektè Buena Vista I ak II, 238 te arete nan Distri Nasyonal la ak nan komin Santo Domingo Este, 506 ayisyen ilegal te arete nan atak ki te fèt nan sid Avenida Venezuela, Sabana Larga, Ensanche Ozama ak Villa Duarte, daprè sa DGM fè konnen. 

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.