Ansyen Senatè Sid la, Richard Hervé Lénine Fourcand, pa reponn ak envitasyon Komisè Gouvènman Okay la, Ronald Richemond, ki te fikse pou madi 20 desanm 2022 a. Pwokirè an chèf la fè konnen moun ki konsène a ranvwaye envitasyon an pou yon dat ki pa fikse.
Apre sanksyon Kanada te enpoze kont ansyen Senatè Sid la, Komisè Gouvènman an nan Tribinal Premye Enstans (TPI) Okay, Mèt Ronald Richemond te envite Ansyen palmantè a pou l te vin reponn kesyon lajistis sou sanksyon Kanada te pran kont li.
Kidonk, nan yon korespondans ki te adrese madi 20 Desanm 2022 a ak chèf Pakè a, Richard Hervé Lénine Fourcand mande l pou l ranvwaye odyans la, annatandan otorite Kanadyen yo notifye.
Se Ronald Richemond ki te konfime enfòmasyon an sou Radyo « Caraïbes FM », nan emisiyon « Matin Caraïbes ». Sepandan, Komisè Gouvènman Okay la fè konnen pa gen okenn dat ki fikse pou yon nouvo envitasyon.
Non Richard Hervé Lénine Fourcand pami yon lis pèsonalite politik ak ekonomik otorite Ameriken ak Kanadyen yo te sanksyone, pou swadizan patisipasyon yo nan zak koripsyon, trafik ilegal dwòg, finansman gang elatriye.
Facebook Comments