RNDDH pote presizyon sou dosye Sherlson Sanon an 

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
rnddh pote presizyon sou dosye sherlson sanon an 

Nan yon nòt pou laprès li pibliye nan dat madi 24 janvye 2023 a, Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH) bay detay sou dosye Sherlson Sanon an. Rezo a rejte byen lwen akizasyon ki ta vle fè kwè li ta responsab pou detansyon prevantif, pandan 10 lane Sanon an. Li pwofite raple dwa pou bay lòd kondanasyon yon moun se nan men otorite jidisyè yo li ye. 

Sa a se yon ka ki te lakòz anpil lank koule. Liberasyon an aprè 10 lane Sherlson Sanon te eksite endiyasyon nan mitan anpil sitwayen ki te rive mete Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun nan (RNDDH) nan zafè a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sherlson Sanon pat kache satisfaksyon l devan Kamera yo kèk minit aprè liberasyon l. Li te konsyan tou moral li pat fin twò anfòm. « Mwen te viktim yon mechanste nan men Pierre Espérance », deklarasyon Sherlon Sanon. 

Pierre Espérance se direktè egzekitif Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun, yon òganizasyon ki te resevwa l nan lane 2013 kote li te fè temwayaj kondanasyon sou gwo ofisyèl leta nan epòk la. 

« Nan dat 12 mas 2013, Sherlson Sanon, ki te pretann li rele Andrebert Sanon tou, te prezante tèt li nan biwo RNDDH a epi li te deklare li vle depoze yon plent. Daprè pwotokòl la, pou resevwa plent ak akonpayman an RNDDH la, yon manm ekip teknik la te resevwa epi tande l.  

Pandan entèvyou a li te fè konnen li te resevwa lòd nan men ansyen Senatè Joseph Lambert, pou asasinen Levaillant Louis Jeune ak Sorel Jacinthe 2 ansyen depite 49yèm Lejislati a, kote ansyen senatè a te repwoche deklarasyon yo daprè li pa ta ka viv an Ayiti san pwoteksyon iminite palmantè a », kèk detay RNDDH te bay nan nòt la. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.