Se chen k ap devore kadav bandi yo touye yo

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
se chen k ap devore kadav bandi yo touye yo

Depi kòmansman semèn lendi a, Popilasyon Ayisyèn nan te leve ak yon santiman revòlt kote yo te tiye, boule plizyè sivil ame, epi abandone kek kadav swadizan bandi sa yo nan kèk zòn nan Kapital peyi a. Se ka Kafou Fèy kote kadav yo abandone atè apre manm popilasyon an te fin touye yo.

Si nan lokalite Kanapevè kèk nan sivil ame sa yo te tiye epi boule, nan kèk lòt zòn yo te touye yo, epi abandone nan lari a, san menm fouye tou pou antere kadav jenn gason sa yo. Sa ki vin fè kounye a, se chen k ap devore kadav bandi yo touye nan katye Debussy, Kafoufèy ak lòt ankò.

Yon lòt bò,nan katye sa yo, kèk abitan ap mande otorite yo pou yo leve kadav yo kite nan men chen yo. Piske sa kapab gen gwo konsekans sou sante al anviwònman kote yo ap viv la.

Vrèman vre, prezans chen k ap devore kadav yo se yon rapèl chokan sou britalite sitiyasyon an. Sa ki montre menm Bèt nan peyi a grangou epi dezespere, sa ki vin fè y ap chèche manje nenpòt kote yo ka jwenn li, menm si sa vle di manje kadav imen.

Sitiyasyon sa a se yon rapèl sou nesesite pou otorite yo mete ansanm ak popilasyon an, yon fason pou yo kapab fini ak vyolans sa an Ayiti. Otorite Ayisyèn yo ak kominote entènasyonal la dwe travay ansanm tou pou abòde rasin vyolans lan, epi retabli sekirite pou tout ayisyen.

N ap souliye plis pase ven sivil ame pèdi lavi yo ant lendi 24 avril ak madi 25 avril 2023 a. Se sak fè, li enpòtan pou nou note bandi yo, menm si yo te fè sa ki mal, merite respè pou kò yo apre lanmò yo. Sitiyasyon kote se Chen k ap devore kadav yo se yon vizyon chokan ak degradan ki ta dwe evite nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.