« Se Repiblik dominikèn ki bay Ayisyen yo bon manje fre pou yo manje », deklarasyon yon minis dominiken  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
« se repiblik dominikèn ki bay ayisyen yo bon manje fre pou yo manje », deklarasyon yon minis dominiken  

Minis dominiken Endistri ak Komès la, Víctor Orlando Bisonó fè konnen lè Ayisyen yo pran mezi pou fèmen fwontyè ant 2 peyi yo pou komès pa fèt, se Ayiti ki plis soufri. 

Aprè yo te poze l kesyon sou baryè fwontyè a ki te soude dènyèman nan bò pa Ayisyen yo, responsab dominiken an te deklare « Ayisyen yo ki sou fontyè a te toujou swete pou yo pa bay okenn pasaj, sa pa t anpeche Repiblik dominikèn toujou gen komès epi ede Ayiti nan sa y ap vann yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Nou konnen konpleksite relasyon yo akòz enstabilite ki genyen nan peyi sa a. Lè mache a sispann, se akòz desizyon bò pa yo a, tankou lè yo te soude baryè a, e kisa nou te fè? Anyen, nou sèlman rete tann pou jiskaske yo retire soudi a », se sa minis dominiken Endistri ak Komès la deklare pandan l te ajoute « yo ap pwoteste an Ayiti akòz pwoblèm entèn yo genyen, epi nou espere nou ka kontinye toujou ede yo ». 

Minis Víctor Bisonó endike gen 2 senaryo posib pou chak bò yo lè fwontyè a fèmen: « Ant manje pou rete vivan ak Komès la, m ret kwè rete vivan pase an premye, donk se yo ki plis touche ». 

Li ajoute Repiblik dominikèn se sèl peyi ki ofri popilasyon ayisyen an bon manje fre pou l manje, e yo toujou soutni Ayiti nan nivo komèsyal. 

Nonm nan menm ale pi lwen pou di Lèzetazini te konn voye 40 mil tòn diri nan peyi d Ayiti, men sa pa fèt ankò akòz Ayisyen yo ap fè dechoukay epi bato yo genyen anpil difikilte pou kochte nan pò yo an Ayiti akòz ensekirite a. 

N ap raple nan jou ki sot pase yo, plizyè Ayisyen te pran mezi pou fèmen fwontyè ant 2 peyi yo pou komès pa t fèt nan nivo Wanament, nan lide pou te pwoteste kont move tretman konpatriyòt yo t ap resevwa kay vwazen. Desizyon sila te lakòz anpil mezantant pa bò kote gouvènman ayisyen an, ki te deside voye louvri fwontyè bò pa ayisyen yo, ak pwotestatè yo.  

Nan yon korespondans ki pote dat mèkredi 23 novanm 2022 a, Wideline Pierre, ki se se Direktris depatmantal Nòdès Ministè Anviwònman an (DDNE-ME), te menm remèt demisyon l bay minis James Cadet suit ouvèti baryè a zòn Wanament. Li te enfòme li pran desizyon sila akòz divès nouvo angajman sitwayen li pran nan lit sosyal ak politik pou amelyore sosyete ayisyèn nan. 

Si nan yon premye tan Dominiken yo te konn plenyen lè fwontyè ant 2 peyi yo fèmen akòz pèt yo konn fè, jounen jodi a responsab dominiken yo fè konprann se yo ki kenbe Ayisyen yo an vi gras ak manje epi lòt bagay y ap vann sou fwontyè a.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.