Seleksyon ayisyen foubòl andikape a chanpyon e kalifye pou koupdimonn 

Peterson Dorsainvil
ParPeterson Dorsainvil

Yon lòt fwa ankò, seleksyon ayisyen foutbòl andikape a fè fyète drapo nou an. Aprè gwo viktwa (5-1) ekip la fè sou seleksyon Salvadò a dimanch 20 mas la, Ayiti chanpyon eliminatwa a epi tou valide biyè l pou pwochen koupdimonn foutbòl anpite a k ap fèt an Tiki. Se yon ayisyen ki make plis gòl nan eliminatwa sa tou. 

Aprè yon viktwa, yon nil ak yon defèt, seleksyon ayisyen foutbòl andikape a te nan difikilte anvan l te jwe dènye match li nan eliminatwa koupdimonn andikape a. Li te nan obligasyon pou l genyen. Avèk yon viktwa 5-1 sou Salvadò, non sèlman Ayiti ranpòte poul la ak 7 pwen sou 12, pou pi bon diferans gòl sou Etazini, li tou valide tikè l pou yon katriyèm patisipasyon nan koupdimonn. A 4 gòl l enskri : youn fas Meksik, 3 fas Salvadò, atakan ayisyen Saviola Charles (#17) pran twofe pi bon bitè tounwa sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Eliminatwa koupdimonn foutbòl andikape a te kòmanse 15 mas. Ayiti te jwe premye match li fas peyi òganizatè a ki se Meksik. Jwè kotch Rochenel Pierre yo te bat 3-1. 17 mas, Ayiti fè nil 0-0 ak Kostarika. Samdi 19 mas la, grenadye yo pèdi devan Etazini 2-1 epi yon jou aprè, yo bat Salvadò 5-1, malgre se Salvadò ki te make anvan. Yon viktwa k tou pèmèt Ayiti fini premye nan poul la. Lòt 2 kalifye yo se Meksik ak Etazini. 

Aprè match la, asosiyasyon ayisyen foutbòl andikape yo te deklare sou Twitè « nou kalifye », ak yon afich ki gen rezilta dènye match la :  

Ayiti kalifye pou koupdimonn lan k ap fèt nan peyi Tiki ak 24 peyi an oktòb k ap vini la. Delegasyon an ki gen 17 moun, pami yo 13 jwè, ap kite Meksik pou ale Etazini aswè a epi ap pran avyon mèkredi, nan maten, pou rantre Ayiti. Yo ta dwe rive Pòtoprens ant 9è ak 10zè, selon sa asosiyasyon an anonse. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.