Selon yon sondaj Ifop reyalize, jèn yo fè bagay mwens jounen jodi a !

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
selon yon sondaj ifop reyalize, jèn yo fè bagay mwens jounen jodi a !

Yon sondaj yo mennen nan peyi Lafrans pèmèt yo dekouvri jèn yo mwens ale nan rapò seksyèl dènye tan sa yo. Gen anpil rezon ki esplike bès sa nan koze sèks.

Yon fransè sou 4 deklare li pa t gen okenn rapò seksyèl pandan lane ki sot pase an. Se atravè yon sondaj Ifop reyalize sou kòmand yon mak “sextoy” ki rele Lelo yo rive dekouvri sa. Bagay yo vrèman diferan de jan yo te ye sa gen kèk ane. An 2006, jèn yo te 5 fwa pi aktif nan zafè fè bagay.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Premye rezon ki esplike fenomèn sa se paske jèn yo pa santi yo oblije ale nan rapò ankò. Pou n pi klè, nosyon “devwa konjigal” la, sa ki souzantann ta dwe gen relasyon seksyèl nan koup yo, ap disparèt piti piti nan mantalite jèn yo.

Nan lane 1981, 3 fanm sou 4 te deklare yo te konn fè bagay paske yo santi yo oblije. Jounen jodi a, se senpman mwatye nan moun Ifop poze kesyon yo ki santi obligasyon sa toujou. Nosyon devwa konjigal la poko fin wete kò l nèt malgre sa bese.

Lòt bagay, mond nimerik jounen jodi a mete fren nan rapò jèn yo ak sèks. Daprè sa seksològ, Aurore Malet-Karas fè konnen, aksè a pònografi epi mwayen ki pèmèt yo livre yo nan pratik seksyèl a distans fè yo pito fè zafè yo pou kont yo pandan y ap jwenn prèske menm rekonpans fizik la.

Poko gen yon etid ki fèt sou sa nan peyi Dayiti, men anpil moun ta renmen konnen kijan pratik sèks yo ye nan mitan jenès la. Èske sa diminye kote pa nou avèk enfliyans mond nimerik la ? Oubyen èske jèn yo fè bagay plis malgre sa ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.