Sendika transpò yo refize aksepte ogmantasyon pri pwodui petwolye yo 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
sendika transpò yo refize aksepte ogmantasyon pri pwodui petwolye yo 

Yon lòt pwoblèm ki riske poze aprè travay gouvènman fè pou rekipere santral Varreux a. Sendika transpò FUTRAH pran devan pou voye yon pinga bay gouvènman an sou kesyon ogmantasyon pri gaz la.

Fwon inifye transpòtè ak travayè Ayiti yo (FUTRAH) avèti otorite nan Leta yo yo pa p aksepte pwodui petwolye yo vann nan ponp yo ak nouvo pri ki fikse yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Selon responsab sendika a, Montès Joseph, desizyon gouvènman an pri pou ogmante pri gaz la nan pri sa riske kreye plis pwoblèm. Nan sans sa, FUTRAH ki se sendika l ap dirije a deja kanpe an kwa kont nouvo pri sa ki konte afiche nan ponp yo. 

Gouvènman Ariel Henry a, avan blokaj Tèminal Varreux a, te anonse nouvo pri pwodui petwolye yo ki se 570 goud galon gazolin, 670 dyezèl e 665 goud Kewozèn.. 

Otorite yo nan gouvènman an, kèk jou aprè yo te fin anonse yo repran kontwòl Varreux, fè konnen gaz la pral kapab rekòmanse ditribiye nan ponp yo apati samdi 12 novanm lan. 

Byen avan sa, Ministè komès ak endistri te deside pou konsakre twa jounen nan alimantasyon ponp gaz yo, mèkredi 9, jedi 10, vendredi 11 novanm 2022 a, nan lide pou asire yon distribisyon nan lòd apati demen samdi a. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.