Ekri nan lang kreyòl vin depase yon senp angajman pou l kreye yon estetik pwòp, Ann gade yon travay entèresan powèt Isaac Volcy fè nan « Sovtaj ». Yon rekèy ki gen 65 paj ki pibliye nan Edisyon Li+ pandan lete 2022 a.
Tèks la prezante sou fòm yon katalòg ak 5 gwo tablo : chalimo, jòf, marèl Sovtaj, testaman.
Chapo tèks la demare konsa :
Pa pouswiv vwal
K ap bay nan defi sou dlo
Lè jile sovtaj ou degonfle
Gen de van ka vante
Depi nan pati sa, otè a lanse yon mizangad ki mande vwayajè yo pou yo pran men yo, sa vle di aplike prensip ak pridans pou evite fè nofraj nan vi sa. Sa ban nou lide, otè a p ap fè pwezi pou bèl vè.
Sovtaj se yon tèks ki ka itilize pou ekri powetik. Pou otè a fè chemen an li itilize premye pati tèks la kòm yon sèn ekpozisyon kote non sèlman l ap montre nesesite pou pale lang lan : » ala bèl dans se pale kreyòl. Lang lan bezwen lè poul respire, si tout moun fèmen bouch yo, souf li ap etenn, men tou li klarifye konsepsyon l sou pwezi nan :
Pou kounyè a
Powèm pa gen mèt
Vè yo lib tout pwen envizib
Men chak vè se yon liy brize k ap apante figi lenfini
An menm tan, Isaac konsevwa powèt la kòm yon bòs fòjewon k ap fonn fòm, fin ak son mo yo kreye yon seri imaj ki touche emosyon ak sansibilite lakay lektè a, » se ak imaj pwezi fè maji » deklarasyon otè a.
Facebook Comments