Plizyè dizèn dominiken ki gen san Ayisyen manifeste semèn sa a devan kongrè nasyonal la pou sitiyasyon apatrid ak diskriminasyon plizyè santèn milye moun ap viv an Repiblik dominikèn, daprè yo menm. Nan dat 23 me ki sot pase a, yo menm te mande gen yon aksyon ki fèt kont sa nan okazyon nevyèm anivèsè lwa 169-14 sou natiralizasyon espesyal la.
Lwa sila te tante pote yon solisyon ak moun ki gen orijin ayisyèn yo. Desizyon jistis sila te touche nan lane 2013, pou te revoke nan tout sans estati nasyonal moun ki fèt an Repiblik dominikèn yo depi 1929 ak paran ki te gen yon estati ki pa regilye.
Men malerezman, Dominiken orijin Ayisyen sa yo te vin ap fè fas ak yon seri obstak otorite yo te mete sou plas pou anpeche aplikasyon nòm sila nèt. Li te pèmèt sila yo sezi rejis eta sivil yo, pou yo rejwenn yo, daprè sa Mouvman ak òganizasyon ki alye li yo fè konnen, pou Leta dominiken rekonèt yo kòrèkteman.
Yo adrese yon lèt ki pale de tout afè sila yo bay prezidan chanm depite a, Alfredo Pacheco, e ak prezidan Sena a, Eduardo Estrella. Prezidan Komisyon pèmanan dwa moun lan nan chanm depite a, Juan Dionicio, jwenn yon kopi tou, ladan l mouvman fè yon seri demann pou fè fas ak sitiyasyon an.
Lèt la presize, pandan 9 dènye ane sa yo, avèk timoun k ap fèt san yo pa anrejistre epi ki san papye yo ant paran dominiken ak ayisyen yo « pwoblèm apatrid la vin pi grav » e li deja menm touche « yon nouvèl jenerasyon ».
N ap raple, anplis pwoblèm gouvènman dominiken an genyen avèk Ayisyen ki pa legal sou teritwa li a, yo refize egzekite tout dekrè natiralizasyon ki t ap an favè anviwon 800 moun, sa ki reprezante yon ti kras pousantaj moun ki konsène nan dosye sa.
Facebook Comments