Tribinal peyi Almay kondane yon fanm pou l pase 6 mwa nan prizon paske li fè twou nan kapòt patnè seksyèl li 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
tribinal peyi almay kondane yon fanm pou l pase 6 mwa nan prizon paske li fè twou nan kapòt patnè seksyèl li

Yon tribinal nan peyi Almay rekonèt Yon fanm 39 lane koupab de agresyon seksyèl sou patnè li, paske li ta fè twou nan kapòt misye mete nan tiwa li. Fi sa ap gen pou pase 6 mwa nan prizon. 

Tèm Stealthing nan te toujou itilize nan ka yon gason ki ta retiré prezèvatif la nan moman rapò seksyèl li ak yon fanm san otorizasyon li, oubyen san fanm nan pa konnen. Pou apiye desizyon li pran pou deklare almand lan (idantite l pa revele) koupab de agresyon seksyèl, jij Salewski fè konnen, tèm stealthing lan aplikab tou nan sitiyasyon sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Li rann kapòt yo initilizab san konsantman mesye a epi san li pa konnen. Prensip non se non an aplikab nan ka sa tou » deklare jij la 

Yo te nan yon relasyon ak benefis (sexfriend) depi 2021, men fi a te vinn damou mesye a alòske depi nan kòmansman li te konnen misye pat vle yon relasyon serye. Li fè twou nan kapòt yo pou l te ka ansent. 

Malerezman li pat ansent men li kanmenm ekri yon mesaj voye bay neg la pou di l li ansent. Li tou di l li te fè twou nan prezèvatif yo. Misye pote plent kont li avèk pou prèv kapòt yo epi mesaj yo. Fi a avwe fè yo devan tribinal la. 

Pwokirè yo ak tribinal la deklare se yon krim ki fèt men yo potko ka estatye sou ki chaj yo te dwe kenbe kont fanm nan. Aprè egzamen, jiri a delibere ka sa se yon ka agresyon seksyèl. 

Se yon gwo avanse nan istwa dwa, daprè jij Astrid Salewski, paske se fanm ki toujou pote plent pou stealthing.  

An 2014, lakou konstitisyonel peyi Canada te rekonet, fè twou nan kapòt yon gason se yon agresyon seksyèl. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.