Wesly Dorisca ap siyen premye woman l “Polinis ak Ema” nan Laskawobas

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur

30 me k ap vini la a p ap nenpòt ki jou nan istwa lirerati Laskawobas la. Komin lan ap gen pou l resevwa pitit li, Wesly Dorisca, nan kad vant siyati premye woman li “Polinis ak Ema”. Redaksyon an te rankontre otè a pou yon ti bat bouch sou zèv sila a.

Wesly Dorisca se yon jèn ekriven ki pouse premye rèl li nan komin Laskawobas (lokalite Wonpa). An menm tan, li se etidyan nan kominikasyon sosyal nan inivèsite INUKA. L ap etidye Antwopo-sosyoloji nan Fakilte Etnoloji tou. Wesly dekri tèt li tankou yon moun ki fèmen sou li menm, menm si kou w kòmanse frekante l w ap jwenn yon moun ki angaje l nan aksyon sosyete a, yon moun ki kwè nan pataj, ki trè santimantal.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan jou yo ap vanse pou vant siyati a k ap fèt nan Kanari Bar Resto, nan Laskawobas, otè a pa kache kontantman l : “Mwen santi m gen anpil emosyon k ap degaje nan mwen, moman siyati sa a pou mwen se kote piblik la pral fè konesans ak anpil pwen ki pètèt pa t janm devwale (vizyon, ideyoloji, diskou)”, li fè konnen.

Pou Wesly, ekriti se yon zam li kenbe nan gòj pou l pote chanjman nan sosyete a, se rezon k enspire l ekri chak jou. Jounen jodi a, li sou wout rekòlte tout sezon ki mete lank ba sou fèy kaye l. Woman sila a ap pwente anba zetwèl RAM Éditions, yon jèn mezon edisyon k ap koud avanti zetwal wòwòt nan literati kontaporèn lan. Sa te pran l anviwon yon lane pou l akouche zèv sa a.

Tankou tout otè, lekti se baton sou chimen fènwè Wesly, li pale de rapò l ak liv epi liv ki kite tras fonse nan memwa l : “Mwen pa vrèman ka di gen yon liv ki fòme m pou ekriven, men gen anpil liv lè m fin li yo ki ban m anvi ekri tou pami yo Gouverneurs de la rosée, Jacques Roumain, Compère générale soleil Jacques Stephen Alexis, L’homme de Saint Petersbourg, Ken Follet. Liv mwen jije ki enkontounab pou nenpòt ekriven se Gouverneur de la rosée”, li deklare.

Dorisca drese yon ansanm rezon ki ta dwe fè yon moun li “Polinis ak Ema”. Selon li menm se espas kote lektè yo ap jwenn opòtinite pou penetre modèl panse, diskou, mesaj ki kache dèyè pèsonaj li a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.