Whatsapp pa p fonksyone sou yon plis pase 40 telefòn apati 31 desanm: men lis la 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
whatsapp pa p fonksyone sou yon plis pase 40 telefòn apati 31 desanm men lis la

Whatsapp, youn nan mesajri ki plis itilize nan mond lan, anonse li gen yon ansanm telefòn entelijan (smartphone) li pa p fonksyone sou yo apati 31 desanm 2022 k ap vini la. Kidonk li pa p fonksyonèl sou vye aparèy sila yo pou 2023. 

Rezo sosyal la bay yon lis 49 telefòn entèlijan pou pi piti ki depase mòd pou li menm, kidonk li pa p valid sou yo nan kèk jou ankò, daprè sit phonandroid. Aparèy sila yo pa p konpatib ak aplikasyon sila apati 31 desanm k ap vini la. Men lis la: 

- Advertisement -
Ad imageAd image

iPhone 5 

iPhone 5c 

Archos 53 Platinum 

Grand S Flex ZTE 

Grand X Quad V987 ZTE 

HTC Desire 500 

Huawei Ascend D 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Huawei Ascend D1 

Huawei Ascend D2 

Huawei Ascend G740 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Huawei Ascend Mate 

Huawei Ascend P1 

Quad XL 

Lenovo A820 

LG Enact 

LG Lucid 2 

LG Optimus 4X HD 

LG Optimus F3 

LG Optimus F3Q 

LG Optimus F5 

LG Optimus F6 

LG Optimus F7 

LG Optimus L2 II 

LG Optimus L3 II 

LG Optimus L3 II Dual 

LG Optimus L4 II 

LG Optimus L4 II Dual 

LG Optimus L5 

LG Optimus L5 Dual 

LG Optimus L5 II 

LG Optimus L7 

LG Optimus L7 II 

LG Optimus L7 II Dual 

LG Optimus Nitro HD 

Memo ZTE V956 

Samsung Galaxy Ace 2 

Samsung Galaxy Core 

Samsung Galaxy S2 

Samsung Galaxy S3 mini 

Samsung Galaxy Trend II 

Samsung Galaxy Trend Lite 

Samsung Galaxy Xcover 2 

Sony Xperia Arc S 

Sony Xperia Miro 

Sony Xperia Neo L 

Wiko Cink Five 

Wiko Darknight ZT 

Sa se lis telefòn k ap konsène pa mezi sila, yo an sikilasyon depi plizyè lane deja. Gen nan telefòn sa yo ki prèske genyen yon dizèn lane sou teren an epi y ap fonksyone sou yon vèsyon “android” ki fèb, tankou Jelly Bean (4.1). Sa ka rive ou itilize yo pou lòt bagay, men apati 31 desanm 2022 aplikasyon Whatsapp pa p fonksyone sou yo. 

N ap raple mesajri sila, ki anba lobedyans Meta ki pou jèn milyadè Mark Zuckerberg, souvan fè mizajou, lè konsa “smartphone” ki pi ansyen yo paka itilize l. Lè konsa konsomatè a gen 2 chwa, swa yo chanje telefòn, oubyen yo reziye yo sèvi ak li san Whatsapp. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.