Yon bato ameriken kontinye ap fè patwouy sou lanmè a nan zòn Pòtoprens 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon bato ameriken kontinye ap fè patwouy sou lanmè a nan zòn pòtoprens 

Lèzetazini toujou kontinye ap fè patwouy nan bè Pòtoprens lan nan lide pou pote yon kout men ak gad kot ayisyèn nan suit ak demand asistans gouvènman Ariel Henry an te fè ak entènasyonal la, patikilyèman Lèzetazini.  

Anbasad peyi Lèzetazini ki an Ayiti enfòme sou rezo sosyal li yo : “Bato Northland U.S Guard la ap patwouye limit deyò Pòtoprens sèlman sou demann gouvènman Ayiti a an Kowòdinasyon ak Ambassade des États-Unis, Port-au-Prince (Haïti) ak U.S Department of State.” 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Anbasad amerikèn ajoute, mwa septanm pase yon ekip U.S. Coast Guard te fè yon fòmasyon sou bato pou yon dezyèm fwa ansanm ak Gad kot ayisyèn nan. 

Gouvènman ameriken an, atravè anbasad li an Ayiti, deklare jès sila eksprime detèminasyon l pou l pote sipò l bay gouvènman ayisyen an, aprè l te fè demann lan nan jou ki te pase yo.  

Nan yon kominike, kont amiral Brendan C. McPherson, ki se kòmandan setyèm Distri gad kotyè a, deklare gouvènman ameriken gen yon enterè dirèk nan sekirite rejyonal lanmè Karayib yo, epi di l konsyan de sitiyasyon aktyèl la nan sa ki konsène twoub sivil ak vyolans gang yo nan peyi d Ayiti. 

N ap raple Lèzetazini te mete tèt li ak Meksik pou te pwopoze Konsèy sekirite Nasyonzini an yon rezolisyon, y ap etidye aktyèlman. Yo kapab prezante l 21 Oktòb k ap vini la, pou Konsèy la vote. Jiskaprezan Tonton Sam poko fè yon entèvansyon militè dirèk sou tè peyi d Ayiti men l ap siyonnen lanmè Pòtoprens. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.