Yon bokit dlo vann 75 goud nan kèk zòn metwopolitèn Pòtoprens la

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
yon bokit dlo vann 75 goud nan kèk zòn metwopolitèn pòtoprens la

Malerezman, Ayiti ap fè fas ak yon gwo mank dlo depi plizyè lane, sa ki vin anpire pandan dènye tan sa yo, sitou nan lane 2023 a. Kriz sa a se akòz plizyè faktè, tankou kwasans rapid popilasyon an, degradasyon anviwònman an, pratik agrikòl ki pa efikas, move jesyon resous dlo ak move kondisyon anviwònman an.

Daprè kèk estimasyon anviwon 50% popilasyon Ayisyèn nan pa gen aksè a yon sous dlo pou bwè. Moun ki gen aksè a dlo pou bwè yo souvan fè fas a koupi dlo, oswa ak yon mank pwolonje, ki ka mennen nan pwoblèm sante, ki gen ladan maladi dyare ak lòt ankò.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kòm rezilta anpil zòn nan Kapital peyi ak kèk nan vil pwovens yo bokit dlo yo vann byen chè, sa ki pouse kèk manm nan Popilasyon Ayisyèn nan revolte epi atake Gouvènman ki la Kounye a, ki pa pran okenn dispozisyon pou moun jwenn aksè ak dlo jan sa ta sipoze ye.

« Mwen gen lenpresyon Premye minis Ariel Henry ak tout akolit li yo fè espre, mwen santi yo vle fini ak ti pèp la. Yo pa gen okenn respè pou moun, m ap mande tèt mwen eske moun sa yo se imen », deklare yon sitwayen, nan yon ti bat bouch ak manm redaksyon NetAlKoleMedia, tout pandan li kontinye pou li di  » Mezanmi yon gwo galon dlo trete vann plis pase 150 goud wi, bokit dlo se 75 goud mwen ap achte l, epi gen kote li gentan 100 goud, mwen pa menm bezwen pale pou koze pwodwi alimantè yo k ap monte chak jou pi plis ».

Li enpòtan pou nou note, sechrès tou se yon gwo faktè ki kontribye nan rate dlo an Ayiti. Chanjman klima a te fè sezon yo pi enprevizib, sa ki te fè planifikasyon ak jesyon dlo vin pi difisil nan peyi.

Sepandan, Leta ayisyen fè konnen yo ap travay pou eseye amelyore sitiyasyon an nan envesti nan pwojè enfrastrikti pou bay popilasyon lokal yo dlo potab. Mete sou sa, Òganizasyon entènasyonal yo ak ONG yo bò kote pa yo fè konnen tou yo ap travay pou bay èd imanitè ijan pou satisfè bezwen dlo ak sanitasyon imedyat popilasyon an, men malgre tout bagay sa yo, jwenn dlo tounen yon mizè pou anpil nan Popilasyon Ayisyèn nan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.