Yon etid montre se pa sèlman jèn yo ki nan fimen bòz 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon etid montre se pa sèlman jèn yo ki nan fimen bòz 

Si pèsepsyon an te souvan fè kwè fimen bòz se yon aktivite jenès, « Observatoire français des drogues et des toxicomanies » (OFDT) montre nan yon etid, mwayèn laj moun k ap fimen bòz yo jounen jodia se 32,8 an. 

Etid sa OFDT mennen an montre gen yon gwo evolisyon nan mwayèn laj moun k ap fimen bòz yo sou 30 dènye ane yo. Sòti 1992 pou rive jounen jodia, nan trantan, mwayèn laj la pase de 25,1 an a 32,8 aktyèlman. Yon etid ki montre gen plis granmoun nan aktivite sa alèkile. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan etid sa ki fèt sou popilasyon fransè a nan zafè itilizasyon dwòg montre bòz la ki gen kòm non syantifik « Cannabis » se dwòg ki plis konsome sou teritwa fransè a. Daprè etid sa, 47,3% popilasyon granmoun lan ki se anviwon 18 milyon moun, deklare yo fimen bòz omwen yon fwa nan vi yo. 

Nan yon ankèt Sante piblik Frans mennen bò kote 23,661 moun ki nan laj 18 a 64 lane sou konsomasyon bòz pandan ane 2021 an montre gen 10,6% popilasyon an ki te fimen pandan ane an. 

Depi 2017, ansanm endikatè yo montre gen yon diminisyon nan konsomasyon dwòg sa bò kote jèn ki poko gen 25 lane yo. Jenerasyon 2000 lan, an Frans, mwens fimen bòz konpare ak jenerasyon avan yo. 

Sou kesyon itilizasyon dwòg sa bò kote konsomatè yo, etid la montre gen yon konsomasyon an mwayèn 4,1 jwen pa jou kote gwo majorite a fèt nan aswè. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.