Yon nonm touye yon Ayisyèn Ozetazini paske l pat vle divòse 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon nonm touye yon ayisyèn ozetazini paske l pat vle divòse 

Mimose Dulcio, yon fanm ayisyèn 39 lane mouri nan Fort Lauderdale, Ozetazini, aprè plizyè jou li te disparèt, pwòch li t ap chèche l. Dram sila rive aprè mari li ki se Jose Luis Pacheco (36 lane) te deside touye viktim nan paske l pa t vle divòse ak li. 

Nan zòn Broward, suit ak ouvèti yon ankèt sou disparisyon Mimose, lapolis te rive mete lapat sou kriminèl la ayè lendi swa. Yo akize l omisid nan dezyèm degre aprè detektiv yo ki te sou dosye a te jwenn prèv se touye yo touye viktim nan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aktyèlman Pacheco nan yon prizon nan Miami-Dade, aprè otorite polisyè yo te mete lapat sou li nan Hialeah ayè lendi 14 Novanm 2022 a. 

N ap raple, depi jedi pase fanmi Mimose Dulcio t ap chèche l aprè yo t ap eseye rele l nan telefòn yo pa t ka jwenn li. 

“Lè m wè l pa t janm reponn apèl mwen ak mesaj m te voye bay li pou m konnen si l te byen, m te jis di gen yon bagay ki pa ale”, se deklarasyon Seminta Dulcio, sè Mimose. Li fè konnen l abitye pale ak “Mimi” (ti non Mimose) plizyè fwa pa jou. 

Seminta rapòte bay lapolis se lè wè l pa t jwenn nouvèl li nan vandredi, li te deside ale lakay li nan blòk 400 nan 30yèm avni NW kintou pre Fort Lauderdale. Lè li rive la li jwenn televizyon, fenèt, telefòn pòtab, tout kraze sou yon kanape. 

Avan lapolis vin dekouvri l mouri, sè a deklare Mimose te nan mitan yon divòs konplike avèk Jose Luis Pacheco. Li te sèlman bezwen Mimi rantre lakay li, malerezman li pa disparèt jan yo te kwè a men li mouri. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.