Yon pè katolik kondane pou 12 lane prizon pou vyòl ak agresyon seksyèl 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur

Kou kriminèl Sen-Deni nan Zile Reyinyon kondane jedi 14 avril yon pè katolik 48 lane pou pase 12 lane fèmen nan prizon aprè li te vyole yon manman ak tout yon pitit gason l ki minè. 

Akote pèn douz lane prizon an, tribinal la mande pou gen 5 lane swivi sosyo-jidisyè, entèdiksyon pou l travay an kontak ak minè, anplis yon enskripsyon nan fichye jidisyè ki la pou moun ki koupab zak vyolans ak agresyon seksyèl. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Evènman sa yo te rive ant 2013 ak 2015, men yo finalman deklare jis 2017 lè yon jèn etidyan te konfye l ak yon responsab nan inivèsite a, pou fè konnen li te viktim pandan plizyè fwa agresyon seksyèl pè katolik la ki te ofisye nan Plenn Palmis, yon vilaj nan lès Zile Reyinyon. Jèn gason an te gen 14 lane lè li te kòmanse sibi zak vyolans seksyèl sa yo epòk li te anfannkè. 

Pandan dewoulman ankèt pakè Sen-Deni an te ouvè sou dosye sa, manman jèn gason an ta pral fè konnen li menm tou li te viktim agresyon seksyèl anba men pè katolik la. Pè 48 lane a ki ta pral kite fonksyon l depi lè sa, “gen gwo enfliyans sou fidèl yo”, deklarasyon pwokirè a Éric Tuffery nan moman li t ap travay sou dosye sa pou kesyon vyòl ak agresyon seksyèl. 

Pè katolik la ta pral rekonèt akizasyon sa yo nan moman li te nan gadavi pandan li deklare viktim yo te dakò. Deklarasyon li kenbe nan moman odyans yo devan kou kriminèl la. Pandan pwosè a, avoka ansyen pè katolik la, Nicolas Normand, deklare kliyan l lan pa anvizaje fè apèl. 

REDAKSYON : Jacky Chéry 

MAK FABRIK : NETALKOLE MEDIA 2022 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.