Yon Pla Men, yon nouvo pwojè pou J-Panesty

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
yon pla men, yon nouvo pwojè pou j panesty

Depi kèk lane, jèn chantè-konpozitè-entèprèt, J-Panesty pa sispann pote kichòy pou fanatik li yo. Konsè, mizik, EP, moun k ap swiv li yo toujou met yon bagay anba dan yo. Pou fen lane 2023 a, li pote pou yo Yon Pla Men.

Pitit Kafoufèy, J-Panesty kwaze mizik depi l piti, li fè l tounen chwal l ap galope. Se pa de zetensèl ki vòltije nan je moun lè vwal ap koule nan zòrèy yo pandan l ap satouyèt gita l. Aprè plizyè pwojè nan aktif li, li gen yon nouvo konsèp. “Ane sila m ap fete 5 lane karyè e kom m toujou gen aktivite m ap fè, fwa sa m te vle rele li Yon Pla Men ki senbolize 5” chantè a t ap esplike.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan lane 2020, atis la te soti premye mizik solo l ki pote tit “M ap kenbe rèv mwen”, yon tèks motivasyon sou yon rit dansan fàn yo te byen akeyi. Yon Pla Men, se plis ke sa. “Pou peryòd sila a se yon seri aktivite m ap reyalize pandan de mwa sa yo tankou pote sipò ak timoun, vizite kèk espas tou epi reyalize konsè Pla Men an”.

Nan mwa fevriye 2023, atis la te soti premye EP li “Love & More”. Bò kote pwojè mizikal yo, anpil bagay make karyè sa a. “Youn nan bagay ki toujou rete nan lespri m se anvi m genyen pou m al pi lwen an ki pa janm lage m menm pa ka vrèman pale de pi bon souvni paske yo twòp nan tèt mwen” gitaris la fè konnen.

Nan mitan lajwa, moso lapèn yaya kò l, men J-Panesty pami sila yo ki gad vè a a mwatye plen. “Bon souvni yo kouvri desepsyon yo, m sispann panse ak yo men meyè leson se pa janm lage toujou chèche yon bagay ki entèresan pou w pote”.

Zak banditis, koze ensekirite, peyi tèt anba mete atis la nan gwo difikilte depi kèk mwa. Dife bote kay kote l leve a. Men l se yon modèl kouraj, se sa k fè l ap vanse nenpòt jan sa ye. “Pwojè yo anpil, m pral dousman menm ap pote anpil kichòy, anpil sipriz pou piblik la” li pwomèt.

Yon EP, plizyè mizik solo, plizyè kolaborasyon, konsè menm fè kenken, J-Panesty gen randevou ak zetwal, li pa janm panse bat ba. “M swete m viv on rès karyè inoubliyab, yon karyè tout atis ta renmen genyen” atis la konfye n.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Malgre li poko konfime ki kote l ap pèfòme a, natif Kafoufèy la ap an konsè pou Yon Pla Men jou k ap 15 Desanm nan. Yon lòt fwa ankò, J-Panesty pral pase lavi yon mechan pataswèl.

Crédit photo : Joe Shoot

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.